Nan kad yon pwen de près Mouvman Nasyonalis Entegre Ayiti (MONI) bay jounen madi 5 sektanm 2023 a, kòdonatè Wilfrid Pierre mande MENFP repòte rantre lekòl la pou ane sa a epi aplike lwa sou frè eskolè a ki te vote nan palman Ayisyen an epi sibvansyone rantre lekòl la pou ane eskolè 2023 _2024 la, yon fason pou rive soulaje mizè manman ak papa pitit an Ayiti, espesyalman nan vil Gonayiv, puiske paran yo pa gen mwayen sifizan pou voye timoun yo pran chimen lekòl nan ouvèti a.

Depi lè Minis edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, pwofesè Nesmy Manigat te chwazi dat 11 sektanm 2023 a pou tout pot lekòl re-louvri nan peyi Ayiti, plim pa sispann leve sou do divès sendika anseyan yo k ap mande bon kondisyon travay, ak paran yo ki pa konnen ak ki sen pou yo adrese, san konte lòt sektè k ap milite sou tout tèritwa Nasyonal la.

Kòdonatè MONI an di li sezi wè koman otorite yo nan sistèm Edikatif Ayisyen an pa asime responsabilite yo devan tout deriv k ap fèt nan lekòl prive yo, kote yo pran desizyon pou ogmante pri lekòl yo chak lane, pou kase kou paran bandi kriminèl yo lage nan chomaj depi plizyè lane. Pwofesè Wilfrid Pierre mande ak Minis Edikasyon an prese, prese pou louvri yon ankèt, nan sousi pou batay kont dezòd responsab lekòl prive yo ak komèt nan sistèm nan.

Sou bò pa l, pòt pawòl sendika chofè ak pwopriyetè moto taksi Latibonit yo (SYCPROTAMA) William Armand, nan yon entèvyou li akòde ak laprès jounen lendi 4 sektanm 2023 a, fè konnen ouvèti lekòl la ki fikse pou 11 septanm k ap vini la p ap posib.

Sendikalis la ki deklare pwoblèm ensekirite a vin ogmante mank mwayen ekonomik paran yo ak pwofesè pou voye timoun yo lekòl pou ane akademik 2023-2024 la, mande Minis Edikasyon an repanse dat ouvèti lekòl la, puiske paran yo p ap ka reponn ak dat 11 sektanm nan.

Pòt pawòl William Armand mande ak gouvènman an travay pou mete kanpe divès aktivite sosyal sou pye, k ap pèmèt popilasyon an, espesyalman paran yo rantre lajan pou timoun yo kapab pran chimen lekòl mwa oktòb k ap vini la .

N ap note, jiskaprezan divès paran nan site endepandans lan poko kapab retire kanè pitit yo nan Direksyon lekòl yo, akoz yo pa gen mwayen, mete sou fenomèn ensekirite a ki lye ak kidnaping nan, ki konplètman paralize tout aktivite yo nan depatman Latibonit la.

Israël CEDIEU Gonayiv, centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841