Pou premye fwa nan listwa l, pandan lane eskolè 2022-2023 a, anviwon uit (8) lekòl, pami yo Lise Benwa Batravil, te reprezante komin Sodo nan egzamen NS IV yo

Nan kad rezilta NS IV yo ki pibliye semèn sa a, pou komin Sodo, kontrèman ak 9èm ane yo ki te bay 2 lekòl ki fè 100%, «Institution Mixte Marie Reine des Apôtres» se sèl lekòl (kolèj) ki rive fè 100%, sou yon kantite 26 elèv ki te patisipe nan egzamen sila.

Pou ankouraje elèv nou yo, «Communauté Solidaire Du Centte» CSDC mete yon pwogram sou pye, kote yo mande pou sitwayen yo kontribye ekonomikman pou remèt yon chèk bay elèv ki loreya nan 9èm ane ak NS IV nan Depatman Sant pou ane sa a, puiske ou ankouraje aprenan nan tout ti kwen andedan peyi a se yon obligasyon.

An nou li ansanm chak etablisman ak kantite nòt aprenan ki rive loreya pou lekòl pa li a fè pou egzamen sila :

  • Collège Toussaint Louverture: Thomas THÉLUSMA 1217 pwen.

  • Collège Baptiste Conservatrice de Turpin : Annecie JÉRÔME 1260 pwen.

  • Collège Mixte Emmanuel par la foi de Saut-d’Eau : Fadia CHARLESTIN 1293 pwen.

  • École Mixte Edzer Vilaire de Laboule : Christela HENRY 1295 pwen.

  • Lycée Benoît Batraville de Saut-d’Eau : Rouseline GENA 1336 pwen.

  • Collège Mixte Jean Paul Sartre : Johnny MARSEILLE 1340 pwen.

  • Institution Mixte Marie Reine des Apôtres : Wood-Sley C. LINDOR 1522 pwen.

N ap fè remake, sou 8 lekòl jounal la kontakte, se 7 ki reponn. Sou ansanm 7 lekòl sa yo, genyen 4 fi epi 3 gason ki rive loreya.

Pandan sitwayen yo nan komin Sodo pa sispann felisite Direksyon lekòl yo ak elèv yo, yo pwofite mande lòt elèv k ap moute yo pou yo fè plis jefò, yon fason pou loreya nasyonal la kapab soti andedan komin Sodo pou ane akademik 2023-2024 la.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...