Avni yon jèn pa ka chita sou barikad ak boule kawotchou, deklare kire katedral Ench lan, pè Levèk Bien-Aimé nan mès 11 septanm 2023 a pou ouvèti klas la

Pou demare ane akademik la ofisyèlman 11 septanb 2023 a, nan depatman Sant, yon mès chante nan katedral imakile konsepsyon dyosèz Ench, nan onè elèv lekòl yo, pou mande granmèt la konble yo ak tout kalite favè posib pandan ane lekòl la.

Selon Reveran pè Levèk Bien-Aimé, barikad pa ka avni yon jenès. Li mande politisyen tradisyonèl yo bay elèv yo yon chans, paske li tris fason sosyete a debrave jounen jodi a. Pi lwen, li kwè gen anpil travay ki pou fèt nan sistèm edikatif Ayisyen an, pandan l ankouraje timoun yo pou pran lekòl yo oserye, paske se pi bon mwayen ki ka pèmèt yo pi byen itil tèt yo paran yo ak sosyete a.

Direktè departmental edikasyon an Lyps Maître, delegué depatmantal la, Elèv diferan etablisman eskolè ak inifòm valiz nando, akonpaye de paran, ak kèk reskonsanb lekòl te reponn prezan.

Lyps ki deklare ofisyèlma ane lekòl la louvri nan depatman Sant, pwomèt akonpayeman leta a bo kote paran yo ak anseyan yo.

Tou swit aprè mès la, elèv yo te pran wout lekòl yo, pou al kòmanse fè konesans ak nouvo pwofesè yo genyen.

Kèk paran onivo Ench nou te rankontre, men ki pa t vle nou anrejistre vwa yo, pa mete dlo nan nou bouch pou kritike fason dirijan yo ap mennen sistèm edikatif la an Ayiti, sa ki rann edikasyon an tounen yon liks. Pa gen akonpayeman pou paran, chak lekòl gen yon liv yo sèvi, se gwo sòm lajan yo reklame nan men paran yo, san konte komès liv elatriye, sitou nan lekòl mè yo ak lòt prive yo ki senbolize sansi k ap souse yo.

Poutan, minis Edikasyon an rete bwakwaze devan devan problèm sa yo, kote sa k ap di nan bouch yo diferan de aksyon kap poze.

Yo mande minis edikasyon, Nesmy Manigat, mete an aplikasyon lwa sou frè eskolè a, pou pèmèt yo rale yon souf anba men lekòl prive yo.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841