Abitan k ap viv nan komin Savanèt ak Batis, patikilyèman nan lokalite Bèltè, Dopak ak Mòn kabrit, òganize yon sitin wikenn pase a, nan lide pou yo atire atansyon otorite lokal yo, sitwayen yo pou mete ansanm ak otorite depatmantal yo, leta santral ak sitwayen k ap viv nan dyaspora a sou yon wout agrikòl y ap travay ladan depi kèk mwa.

Sòti nan tèt Savanèt (Mòn kabrit) pase pa Dopak, abitan yo deside travay san pran souf pou yo rive wout la nan bouk Batis, daprè sa yo eksplike jounal la.

Se pastè Saintilus Cintecis ki te pran inisyativ sila, kote yo te chita pale ansanm sou nesesite yo wè ki genyen pou pèse wout sa a k ap soti Savanèt pou rive Batis, konsa danre peyizan plantè yo ap sispann gate.

Pale de danre, nou vle pale de zoranj, chadèk, militon, pwa nwa ak kafe abitan yo konn rete gade lakòz wout ki pa genyen an.

Toutfwa, moun k ap travay nan wout la, pou kounye a, montre yo kòmanse febli seyezman, se pou sa yo lanse apèl ak enstans konsène yo, sitwayen konsekan ak moun ki gen bon konprann, pou yo bay yo yon kout men ban mwayen finansye, zouti, elatriye pou wout la pa kanpe nan wout.

Gulnave MATHURIN, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841