Sitwayen nan Wanament k ap konstwi kanal Masak la an septanm 2023

Otorite dominiken yo anonse yo sispann viza pou ayisyen epi fèmen fwontyè li ak Ayiti aprè peyizan ayisyen yo relanse travay kanalizasyon rivyè masak la

Prezidan dominiken an, Luis Abinader, k ap dirije Konsèy Nasyonal Sekirite Dominikani an, deside lendi 11 sektanm 2023 a fèmen fwontyè yo ak Ayiti epi kanpe sou kesyon viza pou Ayisyen.

Selon divès medya dominiken, desizyon sa a pran aprè bouch louvri, machwè gonfle sou kesyon kanalizasyon rivyè Masak la peyizan Ayisyen yo relanse sou tèritwa Ayiti a.

Toujou selon prezidan Dominiken an, fwontyè tèrès, maritim ak ayeryen fèmen ant 2 peyi yo jiskaske pwoblèm rivyè Masak la rezoud.

Konsèy Nasyonal Sekirite Dominiken an anonse yo pran divès mezi tankou: entèdi tout moun ki enplike nan konfli sa rantre sou teritwa vwazen an epi pa delivre viza dominiken ak sitwayen Ayisyen jiska nouvèl lòd.

Fèmen fwontyè a ki pase pa dajabon epi anvizaje fèmen konplètman fwontyè terès, maritim ak ayeryen si konfli a pa rezoud jedi k ap vini la. Gen plizyè lòt dezisyon ki pran ankò tankou yon reyinyon bilateral ki anvizaje tou.

Depi wikenn pase, Ayisyen nan yon mouvman konbit pa sispann fè tèt kole pou kontinye travay kanalizasyon rivyè Masak la pou pèmèt dlo wouze jaden yo epi fè fas ak sechrès la, san sipò Leta Ayisyen.

Divès komèsan nan Repiblik Dominikèn pa sispan kritike prezidan Abinader yo kalifye de rasis ak egoyis, ki pa konn doulè moun pòv nan Sendomeng akoz li menm li se milyonè. Yo kontinye pou di gouvènman Abinader a ap fè yo pèdi anpil lajan, poutan li pa janm pran mezi pou repare yo kantite lajan yo pèdi ak desizyon maladwa li yo.

N ap siyale, malgre tout mezi sa yo otorite Dominikèn yo anonse, Leta Ayisyen pa ko janm kominike pou bay pozisyon l sou sa k ap pase nan koze kanal rivyè Masak la.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841