Jounen jedi 14 sektanm 2023 a, prezidan dominiken an Luis Abinader, deklare li planifye pou fèmen tout fwontyè Dominikani yo ak AYITI, kit fontyè pa mwayen latè, lanmè ak lè. Selon Abinader, fèmti sa yo ap fèt vandredi 15 septanm nan apati 6:00 nan maten.

Alòske Senatè Dominiken nan Barayona Jose Del C Savinon mande prezidan Luis Abinader pou li trete dosye Ayiti a ak anpil pridans paske Repiblik Dominikèn fè anviwon 900 milyon dola US ak Ayiti nan komès.

Yon lòt kote daprè sa jounal Diario Libre rapòte, plizyè pwodiktè ak komèsan Dominiken mete yon nòt deyò 14 sektanm 2023 a, pou anonse pri ze yo bese sou mache a akoz fwontyè Dayabon nan ki fèmen an. Alòske gouvènman RD a di y ap achte tout ze ki ta pral vann Ayiti yo nan men pwodiktè yo.

Bò kote pa Ayisyen yo ki fè konbit pou finalize kanal sou rivyè masak la, yo deklare yo p ap fè bak sou travay yo. Pi lwen, yo fè konnen prezidan Abinader se yon iritan ki vle gate relasyon zanmitay ki genyen ant 2 pèp yo.

N ap fè remake, tou suit aprè anons Prezidan Dominiken an, plizyè sitwayen Ayisyen ki t ap viv nan peyi Sendomeng deside kite volontèman Teritwa Dominiken an. Nou ka remake granmoun, ti moun, jèn ak sak nan men yo ap kite RD pou retounen Ayiti.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....