Distribisyon liv Inik pou klas premye ane fondamantal yo kòmanse maten jedi 14 sektanm 2023 a depatman sant kote yon santèn lekòl Mibalè resevwa liv Inik yo.

Lekòl Sodo gen randevou lendi ; lekòl Boukan Kare yo gen randevou madi nan EFACAP la. Distribisyon pou awondisman Laskawobas ap fèt toujou Mibalè nan BDS ki nan vil la. Se Direktè depatmantal adjwen an, Diquessy Germain, ki pataje mesaj sila.

N ap raple, Liv Inik sa a se sèl li menm tout elèv ki nan klas premye ane fondamantal sou tout teritwa peyi Ayiti dwe pote. Liv sa se li ki tou kaye egzèsis pou aprenan yo e li gen tout matyè bazik yo ladanl .

Èske se tout lekòl k ap rive respekte desizyon ministè Levasyon Nasyonal pou adopte liv Inik lan nan klas yo? E lekòl ki tou koneksyone pwòp ouvraj pa yo?

E lekòl ki deja bay paran yo lis liv premye ak dezyèm ane fondamantal pou ane akademik 2022-2023 ?

Èske tou gen ase Liv Inik pou chak elèv ki nan klas referans lan ?

Florince Fragile, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841