Nan yon nòt Ministè Kilti ak Kominikasyon peyi Ayiti soti jedi 14 sektanm 2023 a konsènan desizyon prezidan dominiken an, Louis Abinader pran pou fèmen tout fwontyè Ayiti ak Dominikani vandredi 15 sektanm lan depi 6 zè nan maten, Gouvènman Ayisyen an fè konnen Repiblik Ayiti, menm jan ak Repiblik Dominiken, gen tout dwa pou deside eksplwate rivyè Masak jan sa ekri nan akò 1929 la. Gouvènman Ayisyen an ap pran tout mezi ki nesesè pou pwoteje enterè pèp Ayisyen an.

Selon Gouvènman an, Repiblik Ayiti prefere chimen Dyalòg. Sepandan, se nan menm moman dyalòg yo t ap rapouswiv ant 2 pati yo nan ministè zafè etranjè peyi dominikani prezidan Abinader deside poukont li anonse fwontyè a pral fèmen.

Pou rezon sa a, gouvènman Ayisiyen an bò kote pa l mande pou pwoteje byen ak vi sou liy fontalyè 2 peyi yo. Anplis, li evidan pou tout konvansyon entènasyonal ki etabli sou dosye sa a respekte. Gouvènman Ayisyen an mande popilasyon Ayisyèn nan fè prèv metriz ak kalm, paske y ap pran desizyon pou Plèn Maribawo rive Wouze jan sa dwe fèt anba sipèvizyon Ministè Agrikilti resous natirèl ak Devlòpman Riral, nan tèt kole ak Ministè Anviwònman.

Kisa ki kache dèyè pwoblèm rivyè Masak la ? Se kesyon sitwayen Ayisyen yo pa sispann souvle pa rapòte ak fason Dominikani pran sa o serye.

Florince Fragile, Centre a la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841