Jean Michel Belance alyas «Gran Black» ki gen 33 lane, se yon jenn gason ki arete nan sware dimanch 15 oktòb 2023 a, ki te nan komisarya Mibalè a. Yo akize l kòm yon bandi. Manb popilasyon an rantre nan gadavi a, yo kraze baryè komisarya a pran l epi touye l ak manchèt vè 10 h 55 nan aswè.

Selon plizyè moun ki fè pati brigad siveyans vil Mibalè ki te pale ak jounal la, yo fè konnen yo te genyen alèt sou Gran Blak ki se yon prezime bandi ki te al kache nan yon ti zòn Sodo ki rele Manzè Mari, yo te pati dèyèl nan Samdi swa li te kouri epi nan Dimanch yo te genyen bon jan enfòmasyon sou li, yo arete l e remèt li ak lapolis Mibalè.

Selon yon sous polisyè, yo jwenn sou telefòn Gran Blank foto anviwon 17 pyès idantite plis pyès pal. Nan pyès sa yo genyen 15 kat idantifikasyon landan yo plis 2 pèmi kondui.

Lis non moun moun yo jwenn pyès yo sou telefòn Gran Black:

1-Wislor Pharat: 3 fevriye 1998, moun Dèlma

2- Pickenson Millien: 20 janvye 1991, moun Jeremi.

3-Patrick Dorvil: 1994, Depatman Lwès ( kat saa gen yon pati nan enfòmasyon yo ki pa byen parèt.

4-Dapheney Baptiste: 20 oktòb 1998, moun Dèlma.

5-Ernest Beneche: 14 oktòb 1986, moun Dèlma.

6-Christophe Nervil: 27 sektanm 1987, moun Sodo.

7-Fednel Jean: 11 me 1999, moun Okay.

8-Kenson Altidor: 5 mas 1999, moun Kwadèboukè.

9-Marc-Chaly Paul: 5 Janvye 1999, moun Dèlma.

10- Medinel Elusma: 8 Me 2003, moun Gwo Mòn.

11-Robens Pierre-Richard Keger, 15 Novanm 1996, moun Pòtoprens.

12-Stanley Turenne Celestin: 14 Fevriye 1996, moun Kwadèboukè.

13- Jimmy Dessalines: 10 Me 2000, moun Site Solèy.

14-Lorgens Joseph, 12 Desanm 1997, moun Plezans.

15- Micherlange Filidor, 1e Desanm 1995, Site Solèy.

16-Selexan Wilterson: 11 me 2001, moun Dèlma ( Pèmi kondui)

17- Gallite Sonson: 17 Me 1993, moun Jeremi.(Pèmi Kondui).

N ap raple depi aprè atak bandi yo te fè pou te tante pran vil Mibalè an otaj nan dware 26 sektanm pase a kote manb popilasyon an ak lapolis te touye anviwon yon 30 tèn pami bandi yo, popilasyon Mibalè a pa genyen repo nan chèche bandi nan tout ti kwen.