Konsèy Sekirite a fè konnen, « politisyen ak moun ki nan sektè ekonomik an Ayiti, ki swete jwenn vòt oubyen pwoteje byen yo, jeneralman yo peye gang yo ak lajan likid oubyen lòt mwayen materyèl. Pratik sa grandi, jiskaske li anrichi gang yo, epi ba yo plis pouvwa. Nan rapò sa a, Konsèy Sekirite Nasyonzini an deklare ; « enfliyans politisyen ak aktè ekonomik yo sou aktivite gang yo, se yon bagay ki rantre fon nan sistèm Ayiti a.

Selon yon rapò ONU ki flite nan medya semèn sa a, prezidan Ayisyen Michel Joseph Martelly sèvi ak gang yo an Ayiti pou etann enfliyans politik li nan divès katye, sa ki kontribye nan jeneralize ensekirite nan peyi a. Pi lwen, Ekspè yo deklare yo gen prèv tanjib boujwa Reynold Deeb finanse gang yo pou pwoteje biznis li, menm jan ak depite Profane Victor ki di se bon zanmi gang «Gran Grif» ak senatè Youry Latortue ki se alye «Kokorat San Ras.»

Daprè sa ki di nan rapò final gwoup ekspè yo sou Ayiti, ansyen Prezidan Michel Martelly te sèvi a gang pou elaji enfliyans li nan divès katye. Gwoup ekspè yo di yo resevwa enfòmasyon ki montre Martelly finanse plizyè gang tankou Baz 257, Village de Dieu, Ti Bwa ak Gran Ravin. Rapò a di, chantè « Sweet Micky » a konn ba yo lajan oubyen zam. Daprè rapò a, Martelly pase pa entèmedyè, pa egzanp fondasyon oubyen manm sekirite l, pou te etabli relasyon ak gang yo, epi negosye avè yo. Yo site pa egzanp Anel Joseph ak Ti Lapli.

Nan Latibonit, Gwoup ekspè sou Ayiti yo site Youri Latortue ak Prophane Victor kòm 2 ansyen palmantè Ayiti ki itilize gang nan kad aktivite politik ak ekonomik yo. Daprè sa divès sous konfidansyèl di ekspè yo, Youri konn finanse gang « Kokorat San Ras », yon gwoup vyolan nan depatman an. Rapò a di, soti 2016 rive 2020, Prophane Victor li menm mete zam nan menm plizye jenn gason nan « Ti Rivyè », ki aprèsa pral fòme baz « Gran Grif ».

Gwoup ekspè sou Ayiti yo site non Reynold Deeb, kòm youn nan manm sektè prive Ayisyen an kap finanse gang, pou pwoteje antrepriz li, epi asire l machandiz lap enpòte yo pase fasil. Rapò a ki site divès sous, fè konnen responsab « DEKA Group » la, ki se yon gwo enpotatè an Ayiti, konn peye gang pou fè presyon sou sèten dwanye nan pò, pou konntenè li yo pa ni enspekte, ni entèsepte. Nan rapò 158 paj sa a, ekspè yo di, Deeb konn peye pou machandiz li yo ka pase sou teritwa G-9 ap kontwole yo.

Yon lòt pati nan rapò a fè konnen majorite zam ki antre Ayiti yo soti «Ozetazini», kote yo pase pa «Repiblik Dominikèn» nan kontrebann ak konplisite fonksyonè Leta (Otorite lokal, polisye…) Zam otomatik ki vann 500 a 700 dola ameriken Ozetazini, vann $2,500 US an Dominikani epi revann $5,000 US an Ayiti». Se sa nou li nan rapò 158 paj #ONU pibliye semèn sa a.

N ap siyale group ekspè yo dejan pran kontak ak INTERPOL pou diskite sou posibilite ki genyen pou wè si yo ka ede arete epi trennen lajis moun ki ap genyen non yo soti nan lis sanksyon Nasyonzini an ki ka soti nan mwa novanm 2023 ki ap vini laa.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....