Vwayaj Ayiti/ Nikaragwa: Depatman deta Ameriken anonse madi 21 Novanm 2023 a, yo sanksyone propriyetè avyon ak responsab ajans vwayaj yo k ap òganize vwayaj Ayiti Nikaragwa. Etazini jele byen epi koupe viza tout moun sa yo li sanksyone a. Brian Nichols mande Ayisyen ak Kiben yo chwazi vwa legal pou yo rantre USA.

Depatman deta anonse yo pran desizyon pou anile viza ameriken tout moun k ap òganize vòl pou migran pase Nikaragwa, pou tonbe Etazini. Nouvèl politik sa adopte ayè madi 21 novanm 2023 a.

Gouvènman ameriken an di, konpayi k ap fè vwayaj sa yo ap pran kòb nan men moun yo, fè yo pran wout machin pou rive sou fwontyè Etazini. « Majorite nan migran sa yo pa gen okenn baz legal pou yo rantre ou byen rete Etazini, aprè yo fin depanse yon bann kòb, epi mete lavi yo ak lavi fanmi yo an danje », se sa Depatman deta ekri nan yon nòt ofisyèl. Yo mande migran Ayisyen ak Kiben yo pou pran vwa ki pi sèten, e ki pi legal pou rantre Etazini.

Anpil Ayisyen ki te deja genyen ant 3000 ak 2500 dola Ameriken nan men kèk ajans ki òganize vòl Ayiti Nikaragwa yo pa sispann plenyen akoz ajans yo ki pa deside remèt yo kòb yo malgre vwayaj yo kanpe.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841