Aprè yon desizyon jidisyè Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) pran lendi 20 novanm 2023 a, responsab yo ekstrade prezime bandi Jhon Peter Fleronvil Etazini. Jhon se yon manm aktif ki te nan gang «kokorat san Ras» la nan depatman Latibonit.

N ap raple, prezime bandi a te jwenn arestasyon li nan dat 11 sektanm 2022 a nan vil Fòlibète, pandan li t ap eseye kouri kite Ayiti pou antre Repiblik Dominikèn pa mwayen fwontyè Dajabon nan (Wanament).

Prezime bandi Jhon konvoke pou li parèt devan yon Jij nan Distri «Columbia» nan peyi Etazini, pakse li te kidnape kat (04) sitwayen Ameriken, yon zak li te komèt nan depatman Latibonit nan mwa jiyè 2022.

Se Polis Nasyonal Ayiti a PNH ki pibliye sa aprè midi madi 21 novanm 2023 a sou paj ofisyèl li.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...