U.S. ambassador to Peru Brian Nichols speaks at an Air Force base in Callao, Peru, on April 6, 2017. Martin Mejia/AP

«Jefò pou deplwaye yon fòs miltinasyonal pou ede Ayiti batay kont gang yo ap pouse pou pi devan.» Se sa Brian Nichols ki se Sou Sekretè Deta pou Zafè Emisfè Oksidantal la di VOA jedi 16 novanm 2023 a nan yon atik Sandra Lemaire tradui sou dosye sila.

« Eben, n ap fè anpil pwogrè. Palman Kenyan an apwouve deplwaman an ak kèk kondisyon, n ap travay ak patnè nou yo toupatou nan emisfè a pou lye pou fè fòmasyon an, epi Etazini deja pran angajman pou kontribye a 250 milyon dola pou apiye jefò sa a. Gen lòt peyi toupatou nan mond lan ki endike yo menm tou yo vle kontribye a jefò sa a; swa ekonomikman swa ak ekipman. Nasyon-Zini ap travay pou kreye yon fon espesyal kote peyi yo ka kontribye finansyèman pou apiye misyon fòs miltinasyonal la. »

Nichols ki te pale ak konfrè nou, jounalis VOA Espayòl, Jorge Agobian sou dosye saa di: « Vrèman vre, Palmantè Kenya yo vote jedi anfavè demann pou deplwaye plizyè santèn polisye an Ayiti pou ede peyi a jere zak vyolans gang yo. »

Lidè adjwen Palman an, Gladys Boss te lanse apèl pou yo vote, e palmantè yo te apwouve deplwaman an. Yo site yon rapò ki di deplwaman an akò ak demann konstitisyonèl yo, e li pran an konsiderasyon opinyon piblik la yo te ranmase ant 2 ak 9 novanm.

Nan mwa jiyè a, Kenya te ofri pou l kontribye 1,000 polisye nan fòs la apre Ayiti te mande asistans kominote entènasyonal la. Sepandan, nan komansman mwa oktòb la, yon pati opozisyon Kenyan t al nan tribinal kote Jij la te akòde l yon lòd pou sispann deplwaman an. Pati opozisyon an te plenyen pou di plan an pa t pran an konsiderasyon opinyon piblik la e li te enkonstitisyonèl paske se sèlman lame a ki ka deplwaye nan peyi etranje.

Sou Sekretè Deta Ameriken Brian Nichols di sipò pou fòs la ap ogmante tou an Ayiti.
« Gwoup Pèsonaj Eminant CARICOM nan ki gen 3 ansyen premye minis peyi Karayib yo ladann fèk vwayaje Ayiti kote yo pale ak divès politisyen ak objektif pou jwenn yon konsansis pi laj vizavi kestyon gouvènans la an Ayiti. Nou rekonèt se yon sityasyon ijan e n ap fè anpil pwogrè vizavi deplwaman an ke gouvènman Ayisyen an te mande. Sondaj ki fèt an Ayiti endike tou yon majorite Ayisyen apiye misyon sa a. »

Gabriel Tongoyo, direktè komisyon Administrasyon ak Sekirite Entèn Palman Kenya a di manda misyon polisye a se yon lane e ke Nasyonzini pral peye tout frè yo.

Yon odisyon tribinal sou defi opozisyon an pa rapò ak legalite deplwaman an pral dewoule 26 Janvye 2024, daprè sa Charles Midenga, avoka moun ki prezante petisyon an di ajans nouvèl Reuters.

Sous: VOA kreyòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841