Inite Lit Kont Koripsyon ULCC mande lajistis mare Roland Garçon ak tout Daphnica Paul
nan 19 rapò ankèt (ULCC) te sòti mèkredi 15 novanm pase a, yo fè konnen lajistis ta dwe pousuiv atache nimewo-1 kòdinasyon pwogram bous etid nan Direksyon zafè lakilti Ministè Zafè Etranjè ak Kilt (MAEC) la, Roland Garçon ak Daphnica Midley Paul ki se mèt ajans vwayaj “Nica Multi services LLC”. Selon ULCC, 2 moun sa yo te met tèt yo ansanm pou monte yon rezo pou te vòlè lajan sou anviwon 25 postilan bous etid nan peyi Larisi pou ane inivèsitè 2023-2024 la.

Daprè enfòmasyon anketè ULCC yo bay, pou ane inivèsitè 2023-2024, Larisi te bay gouvènman ayisyen an 25 bous etid. Men, nan bò pa ministè Zafè Etranjè a yo di konsa, Roland Garçon ki se youn nan responsab pwogram bous yo te pwofite mare konplo ak Daphnica Paul pou te fikse 715 dola vèt kòm pri chak grenn kandida te dwe bay pou dosye yo a te kapab rive trete nan anbasad Federasyon Larisi a nan peyi Venezwela.

“Kòb sa se pat MAEC ki te ranmase l men pito Daphnica Midley Paul, ki se pwopriyetè antrepriz “Nica Multi services LLC“, ki t ap opere selon detay ankèt la, nan tèt kole ak Roland Garçon. Konsa, pou te rann bagay la pi fasil pou madanm nan, mesye Garçon li menm te pwofite pozisyon li genyen nan MAEC kote l prepare yon tablo li te bay tout lajan postilan yo ap peye pou tretman dosye yo, li te fè l yon fason pou l kabap reponn ak egzijans madanm nan te gentan fè a pou kantite lajan li te mande a”, selon sa dokiman an fè konnen.

Pi lwen, rapò a fè konnen nan 715 dola ameriken sa chak grenn postilan ki te an total 25 te dwe al depoze avan 14 mas 2023, mwatye 600 dola plis 115 dola sou kont UNIBANK ki sou non Daphnica Midley Paul sou nimewo 180-2016-22373076. Premye lajan sa konsidere kòm premye vèsman, toujou daprè rapò a. Nan 35 depo ki fèt sou kont sa, yo jwenn genyen antou 15 015 dola vèt sou li, e ULCC fè kwè yo jwenn non 28 kandida ki yo chak te bay 415 dola ameriken.

responsab ULCC yo montre te gen gwo lyen ant 2 moun sa yo, yo presize pandan mwa mas 2023 a, madanm Paul te fè 3 gwo transfè lajan ki bay antou 10 644.10 dola ameriken sou kont Bank Nasyonal Kredi(BNC) Ronald Garçon an. Yon lòt kote, yo souliye ministè Zafè Etranjè pa t resevwa yon goud nan tout lajan sa ki t ap fèt sou do kandida pou bous etid Larisi yo, e yo di tou ministè a pa gen okenn kont labank ki te la pou bagay sa.

Se pou tèt sa, Anketè Inite lit Kont Koripsyon yo mande pou lajistis mare Roland Garçon ak tout akolit li Daphnica Paul pou enfraksyon ak pwofitè, epi pou asosiyasyon malfektè lalwa 12 mas 2014 kondane pou koripsyon sitou nan atik 5.1 an epi nan atik 224 ak 225 kòd penal la.

“Sou baz enfòmasyon sa yo sou plan administratif nou mande pou yo mete mesye Garçon chita lakay li san ba li yon goud. Sou plan penal, nou mande pou aksyon piblik mete an mouvman kont li pou pwofitè dèske l itilize pozisyon l pou fè abi, bagay lajistis kondane. Yo dwe pousuiv li tou pou asosiyasyon malfektè. Nou mande menm bagay la tou pou madanm Daphnica Midley Paul paske li konplis nan ede Garçon, e nou mande tou otorite konpetan ayisyen yo fè demach pou lòt peyi kote madanm nan ye a kapab livre l bay leta ayisyen pou l vinn reponn kesyon lajistis ayisyèn”. Se sa nou te li nan konklizyon rapò a.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841