Abigaëlle Hailey GERMINAL se non yon kouzin chèf gang « Yonyon » lapolis mare pandan l t ap eseye chape poul li pou antre Etazini

Lapolis Nasyonal Ayiti anonse yo poze lapat sou GERMINAL Abigaëlle Hailey alyas Fifi Bèl Bòs, nan ayewopò Tousen Louvèti pou koneksyon li genyen ak plizyè gang k ap opere nan zòn metwopolitèn nan nan Pòtoprens lan. Fòs lòd yo pibliye sa maten samdi 18 novanm 2023 a. N ap note, PNH deja mare plizyè bandi k ap tante kouti kite Ayiti.

Sèvis Analiz Biwo Ransèyman Jidisyè a fè konnen yo te genyen enfòmasyon depi kèk mwa Abigaëlle genyen konivans ak plizyè chèf gang nan kapital la tankou: Chéry Christ-Roi alyas « Krisla », Rénel Destina alyas « Ti Lapli », Wilson Joseph alyas « Lanmò San Jou ». DCPJ ki fè arestasyon an 13 novanm pase a presize; Krisla se chèf gang k ap opere nan Tibwa, Ti Lapli ap opere Granravin epi Lanmò San Jou ap opere Kwadèboukè.

Lapolis di li genyen enfòmasyon Abigaëlle fèt 24 novanm 1988 nan Pòtoprens, e li vin natiralize kòm Ameriken nan lane 2019. Aprè li fin pase 6 mwa Ayiti, li te dwe retounen Etazini 13 novanm 2023 e se la polisye yo ta pral arete li.

Lapolis di aprè arestasyon Abigaëlle, yo ta pral verifye sou telefòn li kontak plizyè chèf gang k ap opere nan kapital la. Anplis de sa yo ta pral jwenn enfòmasyon Abigaëlle se bon jan kouzin ansyen chèf gang 400 Mawozo ki rele Germine Jolly alyas Yonyon ki, aktyèlman nan prizon Etazini.

Anketè DCPJ yo fè konnen Abigaëlle asire kominikasyon ant Yonyon ki Etazini ak Lanmò San Jou ki se aktyèl chèf gang 400 Mawozo a an AYITI.

Abigaëlle lajistis Amerikèn di li t ap chache tankou moun fou pou divès zak malonèt li ta enplike, twouve li aktyèlman nan gadavi Direksyon Polis Jidisyè Ayiti (DCPJ) pou tann suit ka li merite.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841