Kenya : Finalman, Asanble Nasyonal la vote anfavè deplwaman 1,000 polisye Kenyen yo ann Ayiti. Nan yon vòt ki fèt maten jedi 16 novanm 2023 a, lejislatè yo adopte rapò komite konjwen an, ki rekòmande Chanm nan apwouve deplwaman an.

Se vis prezidan asanble a Gladys Boss Shollei ki anonse nouvèl la ak divès medya nan peyi Kenya.

Kenya ap geyn 1000 Polisye ki soti nan divès inite espesyalize k ap fè pati misyon miltinasyonal la. Jedi 09 novanm 2023 a, devan palman an, Minis Kithure Kindiki asire genyen lòt peyi k ap voye twoup yo ann Ayiti nan kad misyon an : Senegal (350), Burundi (250), Barbad (200), Seychelles 190, Chili, Jamayik ak Ekwatè.

Nairobi: Minis Enteryè Kenyan an, Kithure Kindiki, deklare toutotan gouvènman peyi li a pa resevwa «240 milyon dola Ameriken» yo estime deplwaman an ap koute, peyi a p ap voye polisye li yo ann Ayiti nan kad misyon miltinasyonal Nasyonzini te apwouve a. Minis la fè deklarasyon sa yo maten jedi 09 novanm 2023 a selon @periódico Hoy.

N ap raple jiskaprezan kou siprèm peyi Kenya poko delibere sou plent pozisyon an te depoze pou gouvènman an bay prèv konstisyonèl sou deplasman polisye kenya yo sou yon lòt tèritwa. Charles Midenga ki se avoka pati opozisyon an nan Kenya ki te siyen petisyon pou mande kou siprèm kanpe deplwaman polisye Kenya yo Ayiti di ajans «Reuters» semèn saa ap genyen yon odyans ki pral dewoule nan tribunal sou dosye saa 26 Janvye 2024.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841