Ajan Espesyal FBI Jeffrey B. Veltri ki pale pandan yon konferans pou laprès nan Biwo Adjwen FBI la nan Miami, mèkredi 15 Novanm 2023 a, fè konnen FBI ap chèche kou chen fou chèf gang Ayisyen Vitelòm ki nan lis 10 moun yo plis ap chache.

Lajistis Etazini ap pousuiv misye an koneksyon ak kidnapinn ak asasina misyonè Ameriken nan peyi d Ayiti. Yo admèt jodia ke se yon objektif ki difisil akoz ensekirite a nan peyi d Ayiti.

An koneksyon ak anons la, Depatman Deta fè konnen li pral peye jiska $2 milyon pou enfòmasyon ki ede l mete Vitel’Homme Innocent anba kòd.

Lajistis Ameriken akize l ofisyèlman de kidnapinn ame 16 misyonè Kretyen an 2021 epi asasina yon misyonè ak kidnapinn mari li an 2022.

Pi fò gwoup la te sove 61 jou apre yo te kidnape yo.

Mari misyonè a limenm te jwenn liberasyon li apre yo te peye yon ranson.

Samuel Guillaume Joseph, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841