Kenya deklare Jedi ke li pap voye polisye li yo Ayiti amwenske peyi manm Nasyonzuni yo finanse konplètman misyon multi-nasyonal la ke LONU apiye a.

Minis Enteryè Kenyan an Kithure Kindiki deklare bidjè jeneral pou deplwaman an, kap dire yon lane e ki vize retabli kalm nan peyi d Ayiti ke gang finn ravaje se $600 milyon.

Kindiki di yon komisyon palman Kenyan an: » aranjman ak mobilizasyon pou misyon sa a pral fèt pami peyi manm LONU yo.»

Li ajoute: «Toutotan tout resous yo pa mobilize epi disponib, twoup nou yo pap kite peyi a.»

Konsèy Sekirite Nasyonzuni an bay konsantman li nan komansman mwa Oktob la pou Kenya dirije yon misyon sekirite pou ede polis nasyonal Ayiti jere zak vyolans gang yo.

Kenya di li pare pou l kontribye 1,000 polisye nan fos la e Kindiki di gen 11 peyi ki pran angajman vizavi misyon an – san li pa nomen yo.»

«Nou pap voye yon fos okipasyon, nap voye yon fos pou apiye estrikti ki deja egziste nan peyi a, selon demann yo fè,» Kindiki ajoute.

Yon tribinal Kenyan pase lod pou anpeche gouvènman an voye okenn polisye an Ayiti toutotan li pa pran yon desizyon sou yon petisyon ki defye deplwaman an.

Kou Sipreryè Nairobi a ap konsidere yon dosye ke politisyen opozisyon Ekuru Aukot prezante devan l. Misye plenyen pou di misyon an vyole konstitisyon an e ke pa gen okenn lwa ni trete ki apiye yon bagay konsa.

Kindiki fè konnen preparasyon pou misyon yo ap kontinye malgre dosye ki devan tribinal la.

Kou Siperyè a gen pou l tande yon lot pwosè 16 Novanm, tandiske palman Kenyan an poko apwouve deplwaman an ki se yon egzijans dapre la lwa.

Patisipasyon Kenya nan misyon an fè fas ak anpil kritik bo kote Kenyan yo ki kestyone sajès yon misyon riske konsa.

Ayiti viv plizyè zane tibilans akoz gang ame yo ki ap goumen pou pran kontwol plis teritwa nan peyi a e pou atenn objektif sa a ap komèt zak vyolans brital. Met sou sa, ekonomi a ak sistèm swen sante a an degraba.

Sous: VOA kreyòl

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....