Nan yon odyo ki viral sou entènèt la lendi apati lendi 06 novanm 2023 a, gang « Kokorat San Ras » k ap opere nan depatman Latibonit, pwomèt pou li redwi an sann komin Lestè.

Aprè dènye atak Gang kokorat san ras la fè nan Lestè, depatman Latibonit, kote Fricksol Matilus te tonbe anba kout bal bandi yo, nan yon videyo ki vin viral sou entènèt la, Gwoup kokorat san ras la menase pou redwi Lestè an sann e pousyè, pou rezon sila a, Bendji ki se youn nan chèf yo mande pou moun nan zòn nan bay espas la blanch, yon fason pou evite sa k ap vini sou yo a, li kalifye de yon veritab « Tanpèt. »

Pèp Ayisyen an pèsiste Kanal la p ap panpe (KPK)

Paralèlman, divès abitan nan Lestè voye yon SOS bay lapolis, nan sousi pou anpeche masak bandi yo, pwomèt y ap fè a rive vre.

Pi lwen, popilasyon Lestè a kritike DDA/PNH yo estime ki pa pran sitiyasyon kritik y ap viv la an konsiderasyon, sitou nan sa k gen pou wè ak mezi drastik yo te dwe deja pran pou anpeche nèg ak zam yo k ap fè lalwa ak taye banda nan komin Lestè.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841