Kontrèman ak divès lòt moun ki kòmante, Doktè Maismy-Mary FLEURANT deklare aswè a sou radyo Mega lame dominikèn nan pa t antre sou tèritwa Ayiti a nan Wanament

Yon gwo tansyon leve sou fwontyè Dajabon nan nan Wanament ant sòlda Dominiken ak divès sitwayen Ayisyen akonpaye ajan BSAP maten madi 07 novanm 2023 a. Selon premye eleman enfòmasyon yo, tansyon sa yo moute paske militè Dominiken deside antre sou espas «net» ant 2 peyi yo onivo Wanament, nan zòn kote Ayisyen yo ap konstwi kanal la.

Sou menm lanse a, jounalis Guillaumette Audelin ki te sou plas, rapòte se pa t sèlman espas «net» Ayisyen an sòlda Dominiken yo te foule, yo te antre a pye sou tè Ayiti a tou, yo te vini ak elikoptè, dwón epi jodi a te genyen plis sòlda ki te deplwaye sou fwontyè a kontrèman ak kantite ki konn toujou nan espas Dominikani an.

Sitiyasyon sila ki t ap pran anplè te pouse popilasyon Wanament lan pran lari, kote foul la te menm rive anvi «devore» Direktè Depatmantal BSAP la Samson Camiel puiske, selon sa yo di, kòmandan Camiel ta pran tout gwo zam nan men ajan yo, sa ki koz yo pa t kapab mye fè fas kare ak sòlda Dominiken yo ki te pwente tout gwo zam yo sou Ayisyen sa yo. Se gras ak vijilans polisye yo ki sove Direktè a.

Direktè Depatmantal BSAP la pami polisye yo

Divès sitwayen «ak 2 men, 2 pye» yo ki t ap moutre fason yo endiye pou aksyon sila Dominiken yo poze a, te deklare nan kèk videyo yo prè pou goumen ak sòlda Dominiken yo san yo pa gen zam nan men yo, jis pou yo rive defann entegrite pèp Ayisyen ak tèritwa peyi a ki, pou yo, toujou rete yon espas trè sakre.

Kèlke tan aprè tansyon yo, minis afè etranjè Ayisyen, Jean Victor Généus, ak minis afè etranjè Dominiken an, Roberto Alvarez, te pale nan telefòn. Chanselye Ayisyen an rapòte bay tokay dominiken li «enkyetid» lidè Ayisyen yo genyen konsènan deplwaman militè ki te «vyole teritwa Ayisyen» an madi 07 novanm 2023 a.

Minis Généus renouvle bay gouvènman Dominiken an dezi Gouvènman Ayisyen an genyen pou rezoud konfli a «nan lapè» alantou tab negosyasyon an. Finalman, toulède pati yo pran angajman pou yo retabli yon klima trankilite ak kalm sou fwontyè a ant 2 peyi yo.

Men kisa Jounalis / Avoka Péguy Jean ekri sou sityasyon an : «La violation du territoire Haïtien par les militaires dominicains, ce mardi 7 novembre 2023, au niveau de la frontière à Ouanaminthe, pourrait être considérée comme un acte D’INTIMIDATION ou de PROVOCATION. Et les spécialistes en relations internationales conclueraient à un acte de nature à occasionner un INCIDENT DIPLOMATIQUE majeur entre les deux pays se partageant l’île. Imaginez un instant qu’il y avait un «FILS DE DESSALINES» parmi les agents du BSAP, c’aurait été la catastrophe. Le Gouvernement Haïtien se doit de réagir au plus vite!»

N ap note, se pa premye sòlda Dominiken yo antre nan espas sa a ki se pou tou (2) peyi yo. Poutan, selon doktè Maismy-Mary FLEURANT, kontrèman ak sa tout lòt moun ap di sou sa ki pase ant 2 peyi yo, sòlda Dominiken yo pa t foule sòl Ayisyen an.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841