Èske anèks DGI Mibalè a ta sou wout pou tounen yon vrè «savann», kote se koripsyon k ap taye banda

Sa fè yon bon tan depi kontribyab yo pa sispann moute lesyèl pa do a chak fwa pou yo jwenn kèk sèvis nan anèks DGI Mibalè a. Semèn sa a, divès sitwayen te chwazi pale ak jounal «Centre à la UNE» sou difikilte yo rankontre, e pwofite pataje enfòmasyon sou pwoblèm ki pa sispann sekwe bil biwo a.

Nan anèks DGI Mibalè a, pou yon sitwayen jwenn yon «tenb» selon tout temwayaj yo, se pa yon bagay fasil, kontrèman ak jan sa dwe ye. Biwo a chaje ak yon eskwad raketè ki jwenn aksè pou achte yon kantite tenb (5, 10, 20…) chak fwa genyen, alòske gen de lòt pezib sitwayen, selon divès ladan yo, ki konn ap pase plizyè jou san yo pa ka peye menm 1 tenb. Yon sitiyasyon ki fristre yo, sa nou ka konstate nan pwopo yo.

Kèk sitwayen ki andedan anèks DGI Mibalè a ki pral peye tenb yo achte

Sitiyasyon sa a ki revòlte viktim yo ki pa t mete dlo nan bouch yo pou pataje ak jounal la tout sa yo sibi nan anèks DGI Mibalè a, aprann nou andedan biwo a gen divès raketè ki anpeche yo jwenn sèvis nòmalman. Selon youn ladan yo, semèn sa a se anba gwo presyon, gwo bri andedan biwo a li rive peye 1 grenn tenb.

Li kontinye pou di lè l rive nan espas ki sou kès pou li peye a, li konstate genyen menm divès anplwaye biwo a ki antre nan yon lòt pòt epi ale peye yon kantite tenb, sa ki lakòz ant deyò a ak andedan an li fè plis pase 4 a 5èd tan kanpe nan liy, jis pou peye 1 grenn tenb, nan pil goumen anplis.

Yon lòt sitwayen ki t ap pale ak nou, fè konnen sitiyasyon sa a tèlman grav andedan anèks DGI Mibalè a, sa lakòz plizyè gwoup anplwaye ta pèdi travay yo paske yo te antre nan fè kout mal taye ak tout kalte dezòd andedan biwo yo, sa ki anpeche bon fonksyònman espas la pou sitwayen yo jwenn bon sèvis.

Liliane Pierre Paul nou p ap janm bliye w

Pou yon lòt sitwayen ki t ap chanje ak nou, lè pou dezòd sa yo rive fèt pi byen nan enstitisyon an, sa konn menm rive ou tande pa genyen siyal osnon depi li fè yon lè ki pa ko 4h pm nan, tout pòt biwo anèks DGI a deja fèmen, pa gen sèvis pou rès jounen an.

Selon yon kontribyab ki frekante espas la souvan, sa gen anviwon 2 mwa depi ta gen «kont ki bloke» nan anèks DGI Mibalè a, sa ki anpeche yo gen aksè pou fè osnon renouvle yon matrikil fiskal pou jwenn NIF la ki se yon obligasyon, kote gen enstitisyon ki konn menm «egzije» yo pou matrikil yo ajou. Pi lwen, li presize Administrasyon anèks DGI Mibalè a atravè Direktè «Venel Jean» deja fè divès suivi, men pa gen moun ki konn kilè pwoblèm nan ap rezoud.

Youn nan kesyon nou te ka remake moun yo poze anpil, se èske Administrasyon anèks DGI Mibalè a ap kite biwo a tounen yon espas dezòd, kote sitwayen yo pa ka jwenn sèvis jan sa dwe ye ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841