Tou swit aprè gouvènman kapitèn Assimi Goïta ap dirije a fin chase misyon Nasyonzini an (Minusma) 31 oktòb pase a nan peyi a, soti 03 pou rive 04 novanm 2023 a Wagner ranfòse prezans li nan vil Kidal, peyi Mali an Afrik

Pa mwayen divès atak dwón nan Kidal ak ranfòsman Wagner nan Timbuktu ak Gao, lame malyèn nan ak alye Ris li yo ki nan konpayi Wagner, ranfòse prezans yo nan nò peyi Mali. Operasyon sila k ap rapousib, kòmanse nan lannwit 03 pou louvri samdi 04 novanm 2023 a. N ap raple, Wagner ranplase misyon Nasyonzini (Minusma) nan Kidal, dirijan malyen yo te chase 31 oktòb pase a.

Plizyè douzèn konbatan nan konpayi paramilitè Ris Wagner te rive nan Gao pandan 3 dènye ki sot pase yo, Gao ki se vil prensipal nan Nò Mali. Nan lwès la tou nan rejyon Timbuktu, genyen yon nouvo ranfòsman sòlda konpayi Wagner a ki rive tou. Tout 2 twoup sa ale ranfòse prezans lame malyèn nan nan Nò peyi a.

Vil «Kidal» nan peyi Mali an Afrik

Priyorite a se nan zòn Nòdès Mali. Otorite Bamako yo pa kache sa di objektif aktyèl la se pran kontwòl lokal « Kidal » nan men gwoup rebèl kowalisyon yo rele « CSP-PSD » a.

Soti vandredi 03 rive samdi 04 oktòb la, lame malyèn nan akonpaye Wagner, sèvi ak drón sou pozisyon Kidal rebèl yo toujou okipe. Dwón sa yo ki soti nan peyi Latiki kapab atenn anviwon 150 km.

Pou moman sa a, nan vil Anéfis ki nan Sid Kidal, koup « Wagner-lame Malyèn nan » ap prepare yon posib ofansif terès anvè Kidal kont rebèl yo. Yon ansanm demach popilasyon malyèn nan pa sispann felisite.

Kapiten Assimi Goïta ak Prezidan Vladimir Poutine

N ap raple, ansanm chanjman sa yo ap fèt nan peyi Mali, se aprè kolonèl Assimi Goïta fin pran pouvwa a 28 me 2021 aprè yon koudeta. Yon sondaj fondasyon Alman «Friedrich-Ebert-Stiftung» fè nan lane 2023 a, konkli majorite sitwayen Malyen deklare yo satisfè ak rejim tranzisyon Assimi Goïta ap prezide a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841