Madi 31 oktòb 2023 a, pou pi piti 3 bebe 9 mwa mouri nan sant ospitalyè FONDEPH nan Fontamara 27 depatman Lwès Ayiti, aprè yo te fin resevwa yon dòz vaksen Antiwoujòl ak Ribewòl.

Josil Nella ki se manman Fedson Clairmond, Rene Elisia manman Naïcha Pierre ak Saintine Pierre ki se manman Valeïka Pierre, deklare timoun yo mouri se tousuit yo fin resevwa dòz la nan lopital la. Pou paran timoun yo, se Ministè Sante Piblik (MSPP) ki responsab krim sa yo.

Pou Enfimyè a li menm ki te bay vaksen yo, pami tout timoun li vaksinen pou jounen an se sèlman Fedson, Valeïka ak Naïcha ki rive jwenn konplikasyon. Pi lwen, li fè konnen 3 bebe yo te kòmanse vaksinen nan men l depi sou premye mwa, rive jiskoulye a sou 9èm nan.

Men sa li deklare ankò : «Aprè 13 ane sèvis ak eksperyans, mwen dezole pou sa ki rive a. Sepandan, responsab yo se dabò responsab ministè sante piblik yo ki fè neglijans nan verifikasyon dòz yo.»

Yon lòt kote, èske ou ka imajine Direktè kominikasyon MSPP a, DR Jeanty Fils Exalus, nan yon echanj ak jounal Le Facteur Haïti, ki di li pral pale ak responsab MSPP yo pou l konnen « si yo enfòme de sitiyasyon an? »

N ap siyale, nan kòmansman mwa oktòb 2023 a, sou fwontyè Wanament lan yo te sezi 27 pochèt san, pami yo 5 te kontamine ak viris Sida plis epatit B, nan menm mwa oktòb la 3 bebe mouri aprè yon dòz vaksen anti Lawoujòl ak Ribewòl. Èske sa ta vle di responsab MSPP yo pa gen okenn kontwòl sou medikaman ak lòt materyèl sante k ap antre an Ayiti?

Washington Florvil, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841