Tout vòl Ayiti Nikaragwa entèdi apati lendi 30 oktòb 2023 a. Responsab yo nan gouvènman Ariel Henry ap dirije a di yo pran mezi sa a pou anpeche yon kantite migran Ayisyen antre ilegalman Ozetazini. Se jounal Ameriken « Miami Herald » ki anonse nouvèl la. Anpil moun k ap kesyone, pa sispann mande poukisa se jounal ameriken an ki anonse nouvèl la olye se gouvènman Ariel Henry a.

Yon ti kras pi ta nan menm jounen an, atravè aviyasyon sivil Repiblik Dominikèn, Luis Abinader re-louvri operasyon « transpò pasaje ayeryen yo » lendi 30 oktòb 2023 a daprè laprès dominikèn. Li pran desizyon sa a aprè li te deside re-louvri fwontyè tèrès yo pou sèlman echanj komèsyal. N ap raple, Abinader te fèmen tout fwontyè li yo pou kont li nan mwa sektanm pase a.

Pou anpil sitwayen k ap kòmante, yo fè konnen èske se ta yon koyesidans pou menm jou gouvènman Ayisyen an bloke tout vòl Ayiti-Nikaragwa yo, pou gouvènman Dominiken an pran mezi louvri fwontyè ayeryèn pa li yo menm jou a, sitou prezidan Abinader te louvri fwontyè terès yo ak Ayiti sèlman pou kontinye fè komès ?

Sou divès rezo sosyal yo, deba yo pa sispann sou ouvèti fwontyè Ayiti-Dominikani yo. Lendi 23 oktòb 2023 a, nan yon videyo ki dire 1 minit ak 25 segond ki viral sou entènèt la, yon sitwayen Ayisyen ki nan domèn medikal ak famasetik, montre nan videyo a yon « Cloxacyclina 500 mg » ki sòti Repiblik Dominikèn e ki genyen yon sibstans ki trè di ladan l. Sitwayen an mande pou anpil pridans fèt ak medikaman sa yo.

Sitwayen ki pale de « Cloxacyclina 500 mg » nan

Tou suit aprè otorite dominikèn yo lanse mesaj re-ouvèti fwontyè ayeryèn yo, sitwayen Ayisyen Pierre Ruben Louis ekri mesaj sa a : «Abibi wont ! M ap mande tout konpatriyòt yo pa pran avyon pou vini Repiblik Dominikèn. Leta fèmen vòl Nicaragua yo se pou nou ka pase Repiblik Dominikèn. An n pa pran nan sa, nou p ap vin Sendomeng.»

Finalman, parapò ak tout dout ki plane sou tèt relasyon Ayiti-Dominikani pou moman sa yo, pou fason tou prezidan Abinader te chwazi fèmen fwontyè yo pou kont li, èske li pa ta mye pou otorite Ayisyèn yo gade dabò ansanm « KONDISYON » komite k ap jere kanal ak fwontyè Wanament lan te mete anplas pou fwontyè yo re-louvri a ?

Men kote w ap ka jwenn ansanm kondisyon Ayisyen yo mete sou tab la pou fwontyè yo re-louvri: https://www.facebook.com/centrealaune/videos/857426402725709/?mibextid=Nif5oz

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841