Inite Tanporè Anti Gang (UTAG) touye ak kout bal #Izo ki se prezime chèf gang baz « Ti Grif » la nan Vèrèt, Depatman Latibonit Ayiti, ayè dimanch 29 Oktòb 2023 a. #Izo jwenn lanmò l nan boukante kout bal ak fòs lòd yo selon sa divès media lokal rapòte.

Chenet Kervens alyas (Izo) ki ap opere nan Lyankou etou ki se alye baz Gran Grif la li menm ki nan Savyen Latibonit jwenn lanmò li anba kout bal lapolis.

Luckson ki se chèf gang Savyen an ki nan Tirivyè ki pa kontan lanmò Izo a soti nan baz yo pou Teworize manb popilasyon an.

Daniel Jean, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841