Nan yon mesaj Akademi an difize sou kanal Ministè kilti ak kominikasyon Ayiti 28 oktòb 2023 a, nan okazyon jounen lang kreyòl la, Akademi an fè konnen yo mete disponib yon zouti ki pou akonpanye tout pwodiktè, tout kreyatè, tout itilizatè lang lan an jeneral nan kad jefò k ap fèt pou pi byen ekri lang nou, pi byen itilize li pou li kontinye franchi boulva lasyans ak literati an penpan. Yo rapousib pou di se lokazyon pou yo remèsye tout asosyasyon pwofesè, lengwis, espesyalis ki te patisipe nan atelye sou dokiman an oswa ki te voye remak ak pwopozisyon pou AKA.

Pi lwen yo fè konnen se lokazyon tou pou AKA rekonèt sipò ak kolaborasyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan sikonstans lan. Tankou tout zèv moun fè, dokiman an kapab gen limit li, men piti piti Akademi an ap jwe prensipal misyon li ki se estandadize lang kreyòl ayisyen an.

Ane sa a menm, Akademi Kreyòl Ayisyen di li genyen pou li lanse yon Gran Pri literè ak Etid syantifik ki pwojte rekonpanse epi ankouraje pwodiksyon syantifik ak pwodiksyon literè Ayisyen nan lang kreyòl ayisyen. Pou ane 2024 la k ap mennen dizyèm anivèsè enstalasyon premye Akademisyen yo, AKA a prevwa òganize dis (10) mwa aktivite nan dis (10) Depatman jewografik peyi a, nan Dyaspora a. Se yon gwo chantye, men avèk sipò tout patnè li yo, yo di li ap rive. Pou lang kreyòl la, ki se yon byen komen ki marande tout Ayisyen, pa gen sakrifis ki twò gran.

AKA di, se okazyon pou yo bat bravo pou divès Asosyasyon kiltirèl, klèb literè, bibliyotèk ak mezon edisyon nan peyi Ayiti kou nan dyaspora a ki te reyalize aktivite pandan mwa selebrasyon lang ak kilti kreyòl 2023 a. Plizyè lekòl ak Inivèsite rantre nan won. 

ZKA swete tout kreyolofòn toupatou sou latè yon bon Jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl nan angajman ak volonte pou lang kreyòl la kontinye pete plafon tout kote, nan tout domèn!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841