Yon Jij Ameriken Kondane yon Ex-Sòlda Kolonbyen pou Wòl li nan Asasina Prezidan Moise la.

Herman Alejandro Rivera Garcia kondane pou li pase tout rès vi li nan prizon pou tèt li te patisipe nan asasine Prezidan Ayiti a Jovenel Moïse. Se jounen vandredi 27 Oktòb la, yon Jij nan Florid Etazini prononse santans mesenè Kolonbyen an.

Ansyen kolonèl lame Kolonbi German Rivera kondane pou l pase rès vi li nan prizon pou wòl li te jwe nan konplo pou touye Prezidan Ayisyen Jovenel Moise. Asasina Moise la, an 2021 kite yon vid pouvwa ki finn destabilize Ayiti.

Mwa pase a, Rivera te tounen dezyèm pami 3 akize ki plede koupab a akizasyon lajistis Ameriken dèske li te konplote pou touye Moise, ki te mouri pa bal nan chanm a kouche li epi madanm ni te blese lè nèg ame te fòse antre nan rezidans prive li nan nuit 7 Jiyè a.

Gen yon total 11 akize nan ka a, e semèn pase a, lapolis an Ayiti te arete ansyen responsab jidisyè Joseph Felix Badio yo akize dèske se limenm ki te pase lòd pou asasinen Moise. Anketè yo di se mèsenè Kolonbyen ki te egzekite lòd sa a.

Plizyè biznisman akize dèske yo te ede finansye epi founi zam pou misyon an.

Dapre dokiman legal Rivera ,moun konnen kòm Kolonèl Mike – siyen pou plede koupab, misye te fè pati konvwa ki te pran direksyon rezidans Moise la pou al touye prezidan an nan mitan lanuit.

Rivera te releye enfomasyon tou bay ko-konspiratè yo pou fè yo konnen plan orijinal yo te genyen pou kidnape prezidan an te chanje pou tounen yon konplo pou asasinen li pito. Se sa li di nan dokiman kote li plede koupab la.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....