Ministè Edikasyon pwosede ak reyabilitasyon lokal lise Boisrond Tonnerre nan Ansavo

Mwen envite elèv lise Boisrond Tonnerre nan Ansavo fè solidarite ak preske 20 000 lòt elèv tankou yo, an majorite nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la, akòz sitiyasyon peyi a ap tann mwa novanm nan pou yo tounen lekòl paske lekòl yo poko disponib. Ministè Edikasyon nasyonal nan tèt kole avèk lòt patnè ap kontinye fè tou sa ki posib pou fè kè elèv sa yo ak kè paran yo kontan pandan mwa novanm sa a”, se avèk mo sa yo minis Nesmy Manigat te antame entèvansyon li te fè pandan seremoni pou inogire, jedi 26 oktòb 2023 a, travay reyabilitasyon lokal lise nasyonal Boisrond Tonnerre ki te sibi gwo domaj pandan pasaj ouragan Matthew ak pandan tranbledmanntè 14 out 2021 an.

Travay sa yo rive fèt gras ak soutyen finansye Rotari Klèb Pòtoprens ki, depi lane 2021, te manifeste angajman li pou li remete anneta lise sa a ki se premye lekòl segondè piblik nan depatman Nip ; yon lekòl ki te louvri pòt li nan lane 1955, nan kontèks selbrasyon 150 lane endepandans peyi a.

Minis Manigat te salye dirijan pase ak sila yo k ap dirije kounye a Rotari Klèb Pòtoprens paske yo montre yo rete kole ak angajman enstans sa a te pran menm si li chanje responsab. Selon titilè Edikasyon nasyonal la, se yon bon egzanp elèv lise Boisrond Tonnerre yo dwe suiv lè yo va aranje yo pou yo respekte, yo menm tou, angajman pa yo, menm si youn nan pi gwo angajman yo ka pran pou kounye a se travay pou yo reyisi etid yo.

Nan menm logik la, minis Manigat te ankouraje elèv yo pou kontinye puize nan sous enspirasyon Boisrond Tonnerre, redaktè Deklarasyon endepandans peyi a ; yon Aysiyen konsekan ki te batay pou bay peyi sa a souverènte politik li menm si li admèt lekòl la dwe mete lajenès nan bon kondisyon pou li mennen konba pou severènte sa a kapab total kapital.

Prezidan Rorati Klèb Pòtoprens la te bat bravo dèske enstitisyon sa a nan kolaborasyon avèk ministè Ediksyon nasyonal e lòt patnè entènasyonal reyisi mennen pwojè sa a nan bout li. Mèt Carvès Jean te pwofite salye prezidan ki te vin anvan li nan tèt klèb sa a tankou Patrick Willy ak doktè Gina Jaochim ki te toujou montre kòman yo te vle develope inisyativ sa a nan kominote edikatif Ansavo a.

Mèt Carvès Jean te pwofite, li menm tou, pou fè yon ralemennenvini sou lavi potorik gason sa a, Louis Félix Mathurin Boisrond alyas Boisrond Tonnerre.

Doktè Gina Jaochim, sou bò pa l, avèk anpil pasyon, te eksplike asistans la, jenèz pwojè reyabilitasyon lise sa a. Doktè Joachim te remesye lòt enstisyon, lòt pèsonalite kite potekole nan lide pou chantye sa a te abouti.

Direktè lise a, li menm tou te felisite, non sèlman Rotari Klèb Pòtoprens, men tout moun nan kominote a ki te mete aladispozisyon yo lòt lokal yon fason pou lekòl la te kontinye fonksyone. Mèt Loubert Horace bay garanti, ekip pedagojik l ap dirije a pa p sispann fè jefò pou amelyore ansèyman ak aprantisaj nan lise sa a pandan l ap kontinye enplike paran yo ak elèv yo nan tout aktivite pou konsève kalite anviwonnman travay sa a.

Se menm lojik remèsinan ki te make entèvansyon elèv segondè 4 yo ak entèvansyon madan Camila Elismé, reprezantan komite paran yo.

Plizyé pèsonalite sivil, politik, jidisyè nan komin Ansavo te reponnn prezan nan seremoni sa a. Direktè jeneral FNE, Jean Ronald Joseph te prezan tou. Jean Nelson Pierre, rejisè depatmantal Nip la te nan tèt yon delagasyon ki te sòti nan direksyon depatmantal sa a.

Nan fen seremoni sa a, prezidan Rotari Klèb Pòtoprens, mèt Carvès Jean, te remèt plak Onè ak Merit bay enjenyè Menes Ovide Jr, ki te an chaj chantye sa a. Li te ekpsprime menm mak konsiderasyon sa a anvè mèt Loubert Horace, doktè Gina Joachim ak minis Nesmy Manigat.

Lise Boisrond Tonnerre Ansavo a okipe 1952 mèt kare sou yon teren ki mezire 5251 mèt kare. Lise sa a ki akeyi elèv sòti nan segondè 1 pou rive nan segondè 4 genyen 12 salklas. Chak salklas sa yo genyen pou sipèfisi 56 mèt kare.

Daniel Jean, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841