Divès sitwayen denonse yon gang k ap grandi nan zòn «Wout 9 nan vil Mibalè» anba je otorite yo, Ti Williams se te chèf la

Ti Williams ki se moun Mibalè ki se manm gang Taliban Kanaran an Jeff Gwo Lwa ap dirije, ki te swete Jeff «enstale l» kòm chèf gang sou wout 9 Mibalè a, mouri ak divès bal maten vandredi 23 fevriye 2024 la nan zòn Domon Krèt Brile. Se manm popilasyon an ki pa nan sitire gang nan tèt kole ak PNH ki elimine «Prezime chèf gang Wout 9 Mibalè a» pandan li te nan yon seremoni vodou.

Touswit aprè Lanmò Ti Williams maten an, divès abitan ki se moun Mibalè, denonse anpil lòt manm ki nan gang Ti Williams t ap tante tabli sou wout 9 la nan Mibalè sa gen anpil tan. Gang sa a ki tabli deja, selon temwayaj yo, pa ko rive operasyonèl a 100%, se paske vil Mibalè toujou sou kontwòl lapolis, lajistis ak sosyete sivil la. Men, sa pa anpeche yo poze plizyè zak malonèt deja.

AYITI U-20 an bat Zile Kayiman 4-1 jodi a.

Divès sous polisyè ak lòt moun nan zòn nan fè Centre a la UNE konnen komisè polis Mibalè a ak komisè gouvènman an touche deja de plizyè denonsiyasyon sitwayen yo fè nan zòn wout 9 sa a nan vil Mibalè, men yo pa ko janm poze okenn aksyon. Kesyon sitwayen yo poze anpil, se poukisa malgre otorite yo okouran de gan sa a k ap grandi nan zòn Wout 9 Mibalè a epi yo pa ko janm reyaji ?

Selon sous nou genyen nan polis la ak moun zòn nan ki te kontakte nou, gang sila k ap grandi nan zòn Wout 9 Mibalè a genyen 2 ansyen prizonye, yo evade plizyè fwa nan prizon. Yo fè konnen tou genyen yon polisye ki te fè pati gang nan, men li deja kouri lage pye l nan peyi Meksik. Yo di tou genyen divès lòt moun ankò ki se manm gang sa a k ap opere timidman nan zòn wout 9 Mibalè.

N ap raple, dimanch swa 18 fevriye 2024 la, bandi ak gwo zam fann fwa ki soti nan gang Kanaran an Jeff Gwo Lwa ap dirije, te anvayi lokalite Fon Cheval ki twouve l nan komin Mibalè. Sa ki te fòse popilasyon an ki te danje mande sekou lapolis, pandan yo t ap kouri kite zòn nan anba kout bal.

Ti Williams se alye fidèl Jeff Kanaran ak Avyon ki te dwe plase kòm chèf gang k ap dirije Fon Cheval; dayè, se nan baz Jeff Ti Williams te pase plis tan dènye jou sa yo, toujou selon sa divès sous yo rapòte.

Finalman, èske Fon Cheval Jeff Kanaran te anvayi a «se ta yon pretèks» pou li rive pran kontwòl vil Mibalè ak lòt komin nan Plato Santral, epi enstale divès chèf gang nan tout depatman an, spesyalman nan zòn wout 9 Mibalè, ki ta yon espas trè stratejik pou yo ?

Jean A. PIERRE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841