Selon sa primati pibliye, tout peyi G-20 yo ki ap patisipe nan yon reyinyon k ap dewoule nan vil Rio peyi Brezil jedi 22 fevriye 2024 la sou finansman fòs miltinasyonal Ayiti a, bay sipò yo pou deplwaman fòs la.

Alòske nan konferans pou laprès li bay aprè 1ye jounnen somè G-20 a sou Ayiti, Sektè Leta Ameriken an Antony Blickin deklare genyen 12 peyi nan G-20 ki deja prè pou bay 120 milyon dola Ameriken pou finanse fòs miltinasyonal k ap genyen pou ede polis nasyonal Ayiti a.

Kanada anonse Jedi 22 Fevriye li pral kontribye C$123 milyon (Kanadyen) swa $91 milyon dola Ameriken e ladan l gen C$80,5 milyon pou deplwaman misyon miltinasyonal Kenya pral dirije pou ede polis nasyonal Ayiti konbat gang kriminèl yo nan moman peyi a ap fè fas ak yon gwo kriz imanitè.

Minis Afè Etranje Melanie Joly pibliye yon deklarasyon kote l di: Sipò Kanada pral «kontribye a preparasyon pou entèvansyon enpòtan pou pwoteje pèp Ayisyen an epi ankouraje jefò Ayisyen ap dirije pou retabli lapè ak pwosperite nan peyi a.

Kanada, Benen, ak Jamayik ofri pou apiye fòs sekirite entènasyonal LONU apiye pou Ayiti, e ki gen kòm bi pou konbat zak vyolans gang yo k ap ravaje Ayiti.

Nouvèl la soti nan yon deklarasyon Etazini pibliye Jedi 22 Fevriye. Etazini te patwone rankont sou Ayiti a ansanm ak Brezil.

Washington deja pwomet $200 milyon pou finanse Misyon sipò Sekirite Multinasyonal la (MSS) Kenya te di li dakò pou dirije ane pase a.

Sekrete lEta Antony Blinken te rasanble responsab yo nan vil Rio de Janeiro, kote minis afè etranje gwoup G20 an (ki gen ladann peyi endistriyalize) rakontre semen sa a. Li ankouraje yo apiye inisyativ la.

Blinken deklare: «Fòk nou fe plis pou ede fòs polis nasyonal Ayiti stabilize epi sekirize sityasyon an kounye a pou ke asistans ka antre epi distribye yon fason efikas pou moun ki pi bezwen l ka jwenn ni, epitou pou ke pèp Ayisyen an pa oblije ap viv nan la tere akoz gang yo. Nou vle we Ayiti byen retounen ak fòs sou chimen demokratik la.

Deklarasyon Etazini pibliye a di Kanada, Benen, La Frans ak La Jamayik «anonse asistans finansye, kontribisyon pèsonèl epi pran angajman vizavi misyon an.»

Konsèy Sekirite Nasyonzini te otorize misyon an nan mwa Oktòb la, yon ane aprè Ayiti te mande asistans pou konbat gang vyolan ki fin preske pran kontwòl kapital la, Pòtoprens.

Jiskaprezan dat fòs miltinasyonal la ap gen pou rantre Ayiti a poko rann piblik alòske gang yo kontinye ap pran tèritwa, fè kidnapin, vyole fanm ak tifi.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....