Leon Charles, ansyen chef Polis Nasyonal Ayiti ki se youn nan pèsonaj yo akize an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise, anonse Jedi lap demisyonnen komo reprezantan pèmanan Ayiti nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA).

Leon Charles anonse nouvèl la sou X (ansyen Twitter) kèk jou sèlman apre rapò final Jij Enstriksyon Walther Wesser Voltaire la te detaye akizasyon kont plizyè douzèn sispèk pami yo, Charles.

Rapò a akize misye pou asasina, tantativ asasina, posesyon ak transpò zam ilegal, konplo kont sekirite nasyonal epi asosyasyon kriminèl.

Charles ekri sou X Jedi ke yo enplike l «yon fason konplètman enjis ak difamatwa.

Lèt la gen dat 21 Fevriye sou li e charles di lap demisyonnen tou suit.

Charles ajoute li pral anplwaye tout mwayen legal disponib pou «konbat ak tout fos li» akizasyon yo lanse kont li epi «netwaye onè li».

Nap raple ke Leon Charles te chèf PNH la lè Moise te mouri asasinen, e li se youn nan sispèk kap fè fas ak akizasyon pi grav yo.

Pami lòt akize yo, genyen ex-premyè dam Martine Moise epi ansyen premye minis Claude Joseph.

Nan rapò li, jij la di prezidan Moise te rele Charles pandan atak brital la tap dewoule nan rezidans li anvan solèy la te leve men Charles pat fè anyen pandan 18 minit ki te pase anvan Moise te rele yon lòt responsab wo plase pou asistans.

Jij la ekri pou di Charles te «deklare li patka rive kay prezidan an» e li note ke misye pat kouri al sou sèn nan.

Rapo a di tou ke youn nan prensipal sispèk nan ka a di otorite yo ke Charles te patisipe nan plizyè rankont anvan asasina a pou konplote arestasyon prezidan an. Se sak te objektif orijinal la, men a la dènyè minit plan an te chanje pou tounen yon asasina.

Gen plis pase 40 sispèk ke yo deja arete an koneksyon ak asasina a ki fèmen nan prizon an Ayiti kote yap tann pwosè yo.

Gen yon lot 11 sispèk otorite federal Ameriken yo fèmen nan prizon pou mennen pwosè kont yo.

VOA kreyòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841