Lidè pati federalis la Gary Guiteau, ki se ansyen depite Laskawobas nan 45èm ak 46èm lejislati a, nan yon nòt li fè rive jwenn Centre à la UNE jedi 22 Fevriye 2024 la, denonse politik lese grennen gouvènman Ariel Henry a pandan l pwofite pase men pran ansyen kolèg li Edmonde Supplice Beauzile li kwè kap manniganse pou rive mete atè do katèl meri mibalè a ki gen nan tèt li majistra Lochard Laguerre.

« Kolèg Edmonde, Majistra Lochard plis itil moun plato santral ke gouvènman w ap sipote a. » se konsa Gary t ap pale. Pandan li kontinye ak deklarasyon l konsa:

« Mwen panse olye w atake deklarasyon Majistra Laguerre fè sou sitiyasyon moun plato santral k ap monte yon maswife akoz bandi ki pran kontwòl mòn kabrit, kote yo achte l lajan kontan, li ta pi bon kolèg pou w ta resezi w epi retire tout solidarite w ak gouvènman sa a ki se yon wont nasyonal »

Nan menm okazyon an Depite Gary GUITEAU pwofite voye yon kout chapo pou magistra Laguerre li di k ap fè yon bon travay nan goumen kont bandi e li felisite majistra a pou kouraj li . Li te fini nòt li a ak fraz saa « Mwen di w kenbe la majistra Laguerre ou pa pou kont ou nan batay la »

Daniel Jean, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841