Aprè gang 400 Mawozo finn touye 10 moun ak yon lapli bal anba mòn kabrit, nan menm sware a, bandi sa yo te pran kontwòl zòn Foncheval, yon lokalite nan seksyon Granboukan Mibalè, Majistra Mibalè a, Lochard Laguerre, deklare tout biznis, labank, dwe fèmen pòt yo depi li fè 1h PM, legliz ak lòt moun k ap fè ki gen aktivite ki rapò ak bri yo dwe sispann, moto ap fin sikile apati 5h PM. Men, yon lòt kote, majistra a di «fòk tout lekòl fèmen», e menase arete tout «Direktè Lekòl» ki ta louvri pòt yo. Li di sa lendi 19 fevriye 2024 la.

Selon Sendika transpò (syndicatAPCH) genyen 10 moun ki mouri ak plizyè lòt blese nan fiziyad gang 400 mawozo fè sou yon ti yas anba mòn kabrit, ki asire transpò Mibalè Pòtoprens. Sa pase dimanch 18 Fevriye 2024 la.

Pi lwen, Majistra Lauchard fè konnen li p ap aksepte pyès machin ki sòti nan Depatman Nò, Latibonit, Pòtoprens ak Beladè travèse vil Mibalè. Pou sa, li deside barikade tout rantre ak sòti vil la.

Selon kèk sous jounal la kontakte, fè konnen gang 400 Mawozo a, ki estime gang Jeff Kanaran an fè yo prèske pa fè kòb nan pòs peyaj, yo genyen nan Kwadèboukè akoz machin yo plis pase nan zòn Jeff la, deside al mete yon baz 400 Mawozo pi devan Jeff nan zòn Fon cheval sou wout nasyonal #3 a, pou yo ka ranmase lajan nan men chofè yo avan Jeff.

Yon lòt kote, gang Jeff la ki estomake akoz desizyon 400 mawozo a, deside pete batay ak yo pou deloje yo nan Foncheval.

Sitiyasyon sila fè Majorite moun nan lokalite Foncheval, Mòn blan, Triyanon, kouri kite kay yo pou vin pran refij yo nan sant vil Mibalè, anpil ladan yo vini san yo pa genyen pèsòn ki te pou akeyi yo nan vil la, yo lage de bra pandye nan lari a. Gen lòt ki oblije pran tèt mòn yo pou ale kache. Yon lòt kote atak ki fèt nan zòn avwasinant yo kreye yon laperèz lakay tout moun kap viv nan vil mibalè.

Sepandan pou moman sa a, Inite Tanporè Anti Gang (UTAG ), UDMO, BSAP mobilize pou afwonte gang yo, sosyete sivil mibalè an, moun yo aparamman konprann epi koube anba mezi kominal yo, kidonk nan fason bref mibalè s on vil ki kanpe an eta de gè.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841