Ki rezon kache ki ta pouse divès peyi an Ewòp ak Amerik di Nò deklare yo endiye epi akize mèt Kremlin an kòm moun ki dèyè lanmò sila

Alexei Navalny 47 lane ki se yon opozan Ris ki te nan prizon depi 2021, ki konn toujou trè kritik kont Kremlin, jwenn lanmò li vandredi 16 fevriye 2024 la. Se sa sèvis prizon Ris la anonse.

Sa pa t pran anpil tan lè yo te konnen lanmò a nan prizon Aktik la, Kote opozan Alexeï Navalny te pwovoke yon lavalas reyaksyon. Endiyasyon an Ewòp ak Etazini, kote divès akizasyon te miltipliye kont Vladimir Poutine.

Premye ofisyèl Ameriken an ki te reyaji, Sekretè Deta Antony Blinken te afime: «Larisi responsab» sitiyasyon an sila ki mennen lanmò opozan prensipal lidè Kremlin an. Yon ti tan aprè vis-prezidan Kamala Harris di li wè sa kòm «yon nouvo siy britalite » Vladimir Poutine.

«Disparisyon li nan yon prizon Ris (…) mete aksan sou feblès ak koripsyon nan kè sistèm Poutine bati a. Larisi responsab, ensiste Antony Blinken, ki soti an Almay, kote li ap patisipe nan yon Konferans sou Sekirite nan wikenn sa a.

Mikaben parèt sou 5èm albòm Derulo a

Sekretè Jeneral Òganizasyon Trete Nò Atlantik la, Jens Stoltenberg, deklare: «Mwen tris anpil e mwen enkyete (…), tout reyalite yo dwe etabli epi Larisi dwe reponn kesyon ,» se sa li te deklare depi peyi Almay.

Bò kote l, Emmanuel Macron eksprime kolè ak endiyasyon li pou angajman ak kouraj Alexeï Navalny. Prezidan Repiblik la te di sa sou kont X li.

Nan Kanada, Premye Minis Justin Trudeau reyaji epi denome Vladimir Poutine de yon «monst». «Sa a se yon trajedi ki raple lemonn antye Poutine se yon mons.» Daprè li, lanmò Navalny an «vrèman demontre nan ki pwen Poutine pral reprime nenpòt moun ki goumen pou libète pèp Ris la,» chèf gouvènman Kanadyen an te pale sou chanèl piblik CBC.

Prezidan Konsèy Ewopeyen an, Charles Michel, bò kote pa l, di Inyon Ewopeyèn kenbe rejim Ris la kòm sèl responsab lanmò trajik Alexei Navalny. Li te goumen pou valè libète ak demokrasi. Pou ideyal li yo, li te fè sakrifis final la (…). Konbatan yo mouri, men batay pou libète a pa janm sispann, Charles Michel te di nan yon mesaj sou X.

Vladimir Poutine ta dwe responsab pou krim li yo. Li evidan pou mwen Alexei Navalny yo touye tankou plizyè milye lòt moun ki te tòtire jiska lanmò akòz yon sèl moun, Poutine, ki pa pran swen ki moun ki mouri osi lontan li kenbe pozisyon li, ensiste Zelensky pandan yon konferans pou laprès ansanm ak Chanselye Alman an, Olaf Scholz.

Tankou okenn lòt moun, Alexeï Navalny te yon senbòl pou yon Larisi lib e demokratik. Se egzakteman poukisa li te oblije mouri. M voye panse m yo pou madanm li ak pitit li yo. Se sa minis afè etranjè almand lan, Annalena Baerbock, pibliye sou kont X li.

«Sa a se yon nouvèl terib,» se sa Premye Minis Britanik Rishi Sunak de ekri sou rezo X li. «Kòm defansè demokrasi ki pi elve nan Larisi, Alexeï Navalny te demontre yon kouraj enkwayab pandan tout lavi li.» Minis Zafè Etranje li a, David Cameron, te eksprime volonte pou nou kenbe «Poutine responsab» pou lanmò li.

Si pou tout peyi sa yo nan kontinan Ewopeyen an ak Amerik la lanmò Navalny se yon mal, Pòtpawòl diplomasi Ris la, Maria Zakharova, deklannche kòlè li kont ofisyèl sa yo nan Kolektif Oksidantal la ki «oze» enplike otorite Ris yo nan lanmò Alexeï Navalny, ki mouri aprè yon malèz selon responsab yo prizon an.

Jean Launy AVRIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841