Estrikti politik sa ki te rankontre ak laprès semèn sa a, di li regrèt anpil fason sistèm politik tradisyonèl la mete peyi a plis ajenou an.

Yo estime moman an rive pou tout pitit peyi a mete tèt ansanm pou bay peyi a yon fòm dirijan pou pèmèt yo tabli yon lòt mòd gouvènans pou bay peyi a yon direksyon,nan enterè tout sitwayen ak pou se la lwa ki sèvi kòm bousòl san fòs kote pou rive rann gen yon leta fò, nan enterè pèp la, pou divòse ak tout fòm koripsyon, nan bwat leta yo.

Dirijan FLAD la nan chèf lye depatman sant lan, Mèt Prospère THEISME, di yo pa apiye demand prezans fòs etranje a sou sòl la pou ta vin ede PNH la rezoud pwoblèm ensekirite a.

Atravè pwopozisyon sòti kriz li a ki gen 7 pwen ladan l, FLAD plede anfavè ankadreman ekite, yo lib pou fè travay yo elatriye.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841