Mertil Marcelin alyas Arab, transfere an ijans nan prizon penitansye nasyonal Ayiti nan Pòtoprens, 16 fevriye 2024 la, aprè te jwenn arestasyon l nan dat 13 fevriye pase a. Transfere nan Pòtoprens, sepandan, aprè yo fin entèwoje l nan komisarya Dèlma 33 a, yo transfere l nan penitansye nasyonal Ayiti jodi a.
Mertil Marcelin tout moun konnen sou non Arab, vin yon figi piblik akoz yon videyo l ki te viral nan dat 5 me 2023, kote l t ap distribiye manchèt bay popilasyon an avèk yon diskou: « Chak moun yon manchèt pou pèp la delibere tèt li.»
Swit ak aksyon sila, komisè gouvènman Pòtoprens lan, Jacque Guy Lafontant, ta pral mete yon manda rale mennen vini dèyè l pou ensitasyon vyolans. Sepandan, Arab ki te pran « ak » de sa te eksprime l pibikman pou di: «M ap kontinye kanpe batay jiskaske pèp la jwenn liberasyon l anba nèg ak zam.»
Paralèlman, Mertil Marcelin te jwenn arestasyon l nan vil Okay depatman Sid Ayiti nan dat 13 fevriye 2024 la, pou divès chèf akizasyon tankou: destriksyon byen piblik, ensitasyon vyolans ak asosiyasyon malfektè.
Tab Konsètasyon Sodo reyalize 4èm edisyon seminè « gratis » pou tout elèv 9e AF ak NS IV
Yon arestasyon divès aktè politik tankou Moïse Jean Charles, Claude Joseph, ki konsidere Mertil Marcelin kòm yon militan politik, denonse, kondane epi tou pwofite okazyon an pou raple gouvènman Ariel Henry a ilegal ak ilejitim depi aprè 7 fevriye 2024 kidonk yo pa gen dwa pou ap fè arestasyon.
An depi de kritik, denonsiyasyon ak kondanasyon arestasyon Mertil Marcelin an sisite nan opinyon piblik, gouvènman Ariel Henry a neglije lòt dosye pou priyorize dosye Mertil la, nan deplase pyon pou transfere l kout ke kout nan penitansye, ki se prizon ki konsidere kòm prizon ki pi rijid ak sekirize nan peyi a.
Sepandan, nan demach sila a, yon lòt fwa ankò, gouvènman an etale anteris ak enkapasite l nan sitiyasyon sila tankou yon fyète nasyonal.
An efè, akoz ensekirite ki paralize wout nasyonal ki relye divès depatman, notamman gran Sid la, sa ki lakoz sitwayen enpizan yo oblije pran lanmè a pou tabli yon sikilasyon ant Sid ak Lwès, vin pasaj menm PNH la oblije itilize tou pou travèse ak prizonye.
Divès sitwayen ap mande èske se yon mwayen PNH itilize pou l garanti sekirite prizonye yo ki gen dwa oubyen son fason pou yo menm tou kouri kont bandi.
Divès gran teworisyen ki elabore sou kesyon Leta, fè konnen Leta se inik eleman ki posede monopòl vyolans lejitim nan; kidonk, pa gen moun ki sou tèt la lwa, poutan si menm gouvènman an tankou tout moun ap kouri pou bandi, nenpòt moun avize ta ka mande kiyès ki gen pwisans legal la ou byen ofinal kiyès ki Leta?
Jefferson Bonissant, Centre à la Une