Selon yon rapò gwoup Inisyativ Global Kont Krim Òganize Transnasyonal nan vil Jenèv peyi Laswis pibliye Lendi 12 fevriye 2024 la fè konnen gang yo fè biznis prive kounye a parapò ak volim lajan yo rantre, yo fè chantaj kont senp sitwayen ak fanmi yo epitou sèvi ak lajan kidnapin pou yo ka gen mwayen pou yo ka achte zam epi peye sòlda yo genyen ki nan gang nan.

Selon sa nou li nan rapò ankèt la VOA kreyòl trete « Gang yo ap evolye yon fason radikal. Yo te kòmanse antanke aktè san okenn strikti ki te depann de resous piblik oubyen patwon prive yo, kounyea yo tounen antreprenè vyolan.

Pilwen rapò a di « kounye a antite sa yo gen plis endepandans ekonomik ak tèritwa, sa ki rann li pi difisil pou kontwole yo. » Rapò a site entevyou li fè ak politisyen ki pat vle pou yo bay non yo, lapolis, anplwaye ONG, biznisman ak senp sitwayen.

Rapò a di tou reyalite sa a poze yon gwo defi pou fòs entènasyonal LONU apiye ki pou deplwaye an Ayiti.

Se depi nan mwa oktòb 2012 Gouvènman Defakto Ariel Henry ap dirije a te mande asistans fòs miltinasyonal pou apiye polis nasyonal (PNH) la ki pa gen ase resous pou rezoud kriz ensekirite a. soulaje kriz imanitè a.

Dapre rapò a, gang yo egzije biznis yo peye jiska $20,000 chak semèn plis pousantaj sou kontenè yo resevwa epi menm pa fwa mande yo ede fè aranjman pou livrezon zam olye pèman lajan kach.

Gang yo tabli tou plizyè pòs peyaj sou wout kapital la nan teritwa yo kontwole kote yo ranmase yon afè $8,000 chak jou.

Rapò rapousib pou di jefò sa a « biwokratize anpil » e gen gang ki menm distribye kat chak semèn pou tcheke moun kap travèse yo pi vit.

Rapò a ajoute endistri « kidnapping » lan antre anviwon $25 milyon chak ane, lè yo pran an konsiderasyon nouvo tandans yo ki se kidnappe gwoup moun k ap vwayaje nan kamyonèt, bis yo.

N ap siyale Ayiti ak Etazini siyen yon akò semèn saa sou kesyon krim transnasyonal. Se ak enstitisyon Inite Transnasyonal Ankèt Kriminèl (UTEC) akò a siyen an.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

Sous: Reuters ak VOA kreyòl

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841