Tou swit aprè rekizitwa a, CG Fleury deja ap sibi gwo menas lanmò ak lòt menas

Nan rekizitwa definitif li soumèt bay Jij enstriktè ki t ap enstwi dosye sou asasina Jounalis Nehemie Joseph ki te asasine 10 oktòb 2019 la, Komisè gouvènman Mibalè a, Mèt Gabriel Fleury, mande Jij la pou l voye jije devan tribinal kriminèl moun sa yo: jounalis epi PDG radyo SCOOP FM nan Gary Pierre Paul Charles (GPPC), ansyen majistra vil Mibalè Elionel Cacéus, ansyen chèf sekirite Meri Mibalè Chandou Juste Claire Jeune, Fabiola Cameau ki se ansyen mennaj Chandou Juste Claire Jeune, ak Lenèl Charles, ki se bra dwat Chandou, selon divès sous Centre à la UNE genyen nan lajistis Mibalè.

Jounal la te kontakte komisè Gabriel Fleury, li konfime pou nou efektivman rekizitwa definitif la soti men li, li pa gen dwa di nou sa ki ladan l. Li fè konnen sèl sa li ka di nou, li deja ap sibi gwo menas lanmò ak revokasyon aprè rekizitwa definitif la.

Toujou selon kèk sous jounal Centre à la UNE kontakte, ta genyen eleman ki ta ka sèvi jij Edwidge Dorsainvil pou te menen dosye a pi byen ki disparèt, se ka yon machin Nissan Fwontyè koulè griz ki te nan plent ki te depoze yo. Klamè piblik fè kwè machin sa a disparèt tankou yon kout zèklè, yo pa remake l ap sikile nan vil la ankò.

Ansyen Senatè Willot Joseph te fè konnen ansyen Senatè Rony Célestin genyen men l tranpe nan lanmò jounalis la, kote li te di li gen prèv nan men l Rony Célestin te patisipe nan touye Jounalis Nehemie Joseph. Rekizitwa definitif la pa pran an konsiderasyon akizasyon Willot yo kont Rony Celestin.

Kòm gwo zotobre ki fè lalwa toujou di Jij enstriksyon yo pa fòseman lye ak rekizitwa Komisè gouvenman yo, èske sa ta vle di ka gen ogmantasyon oswa diminisyon nan moun ki figire sou lis sa a, lè jij la rann odonans li?

Sadrax Ulysse/Zacharie Exil, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841