Aprè plizyè Depatman nan peyi a tankou: Sant, Grandans, Lwès, Latibonit, Nò, Sid… leve kanpe pou mande Premye Minis tranzisyon an kite pouvwa a, aprè lapolis fin touye ak bal anviwon yon 15 zèn moun epi blese anpil lòt ki t ap manifeste nan tout peyi, Premye Minis Ariel Henry adrese l ak nasyon an.

«Yon tranzisyon pa ka debouche sou yon lòt tranzisyon ! », se deklarasyon Premye minis Ayisyen Ariel Henry, pou reponn tout moun k ap mande l kite pouvwa a. Nan yon adrès li fè ak nasyon an, vè minwi, 8 fevriye 2024 la, Chèf Primati a di prensipal misyon yon gouvènman tranzisyon, se kreye kondisyon pou òganize eleksyon.

« Depi pwoblèm ensekirite a kòmanse regle, n ap lanse pwosesis elektoral la, pou remèt pouvwa a bay dirijan pèp Ayisyen an ap chwazi, nan bon jan eleksyon », se sa Ariel deklare. PM nan di lap kontinye dyaloge ak tout sektè « ki gen bòn volonte », pou retire peyi a kote l ye a.

« Dezòmè, Ariel Henry ap yon premye minis ki pran Primati an otaj, depi li rete sou pouvwa a aprè 7 fevriye. » Mesaj pati EDE pibliye mèkredi 7 fevriye 2024 la nan yon nòt pou laprès, ki envite tout pati politik yo mobilize nan tout peyi a pou voye Ariel ale.

Gwoup politik pou yon konpromi istorik bò kote pa yo fè konnen akò 21 Desanm nan konsène moun ki te siyenl yo se yo ki pou chita antre yo pou fikse pozisyon yo.

N ap raple, nan akò 21 desanm 2022 a, atik 20, li te klè gouvènman Ariel Henry a ak tout siyatè yo te fè konnen yo t ap òganize eleksyon epi remèt pouvwa a 7 fevriye 2024 la poutan, pa menm ko gen baz ki jete pou moun ta wè siy eleksyon akoz pwoblèm ensekirite a rete entak.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841