Kore di Sid fè yon don 6 Elikoptè ak Peyi Kenya pou vin dirije Fòs miltinasyonal sekirite ak lapè a nan peyi Ayiti Vandredi 02 fevriye 2024 la.

Pou kontribye ak jefò peyi Kenya pou vin tabli lapè ak sekirite an Ayiti, gouvènman Kore di Sid la fè don 6 Elikoptè 500 MD sou 16 yo te pwomèt otorite Kenyan yo pou dirije misyon miltinasyonal Ayiti a. Selon otorite Sid koreyen yo, Elikoptè sa yo te konn itilize nan Lame lakay yo se nan lide pou elaji bon jan angajman, peyi Kore di Sid yo remèt 6 Elikoptè sa yo ak Kenya. Rès 10 yo ap livre selon sa ki pibliye sou sit the1014.co.nz, an kolaborasyon Etazini ak Nasyonzini.

N ap note, selon enfòmasyon ki disponib sou kapasite Elikoptè yo. Yo gen yon vitès 248 km/h; ak yon otonomi 430 km, se yon ansanm Elikoptè ki ka patisipe nan divès misyon paske yo gen Rokèt, mitrayèz ak misil pou lagè.

Washington Florvil, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841