Ayiti: nan Okap, Twou di Nò, Fò Libète, Wanament, Mibalè, Okay aktivite tankou komès, lekòl, transpò paralize jounen lendi 29 janvye 2024 la. Divès barikad moute byen wo nan zòn sa yo. Nan vil Wanament, anpil kout bal ap chante byen bonè maten an. Se ka divès lòt vil andedan peyi a ki ap manifeste pou mande Gouvènman Ariel Henry a kite pouvwa a akoz li pa fè anyen pou rezoud problèm ensekirite ak lavi chè a.

Nan Okap lidè pati politik pitit Desalin nan Moïse Jean Charles te pran lari a ak yon foul pou mande Ariel Henry kite pouvwa a. Moïse di pèp la li mèt kraze peyi a nèt pou ranvèse gouvènman defakto a epi aprè la ede yo rekonstwil.

Divès ajan UDMO kraze yon manifestasyon ki t ap fèt nan depatman Sid (Okay) lendi 29 janvye 2024 la, kote sitwayen yo t ap pwoteste kont Ariel Henry ak konpayi avyon Sunrise Airways S.A tou. Yon lòt gwoup manifestan ki se manm Pitit Desalin ki te nan sant vil Okay, t ap mande deba Ariel Henry epi pou grand Sid peyi a debloke.

Nan yon mesaj mèt André Michel pibliye lendi 29 janvye 2024 la, men sa responsab SDP a di: «Peyi a bezwen yon antant pou «eleksyon» fèt, pou pèp la chwazi kiyès ki pou dirije l. Alyans ak machann dwòg, gang, politisyen pou fè dezòd la p ap pote okenn rezilta Politik nan peyi a. Solisyon an dwe soti nan bon jan dyalòg pou monte yon KEP kredib ak yon gouvènman Inite Nasyonal.»

Pilwen pandan menm jounen an Gouvènman an soti yon kominike pou di ajan BSAP yo entèdi pou sikile ak zam sou tout tèritwa nasyonal la apati lendi 29 janvye 2024, selon yon kominike gouvènmantal ki pibliye 29 janvye 2024 la fè konnen. Nan kominike sila gouvènman an mande pou tout ajan ANAP yo antre nan baz yo notamman nan ministè anviwònman ki kwafe inite sila.

Anpil moun pa sispann kritike Gouvènman Ariel Henry a yo di ki pa vle rezoud problèm ensekirite pou fè eleksyon. Selon yo plis gen ensekirite Ariel ap fè plis tan sou pouvwa pou li ka jistifye se ensekirite a ki fè eleksyon pa posib

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841