Nan peyi Boukinafaso, kapitèn Ibrahim Traoré lanse ofisyèlman aktivite ki lye ak premye izin k ap trete « min » yo nan Boukinafaso. Lansman sila fèt jounen madi 23 janvye 2024 la, an prezans divès manm gouvènman an ak lòt sektè.

Kapitèn nan te eksprime l nan yon ton ki moutre li trè kontan: « C’est avec une réelle satisfaction que j’ai procédé, ce matin, au lancement officiel des activités de la première usine de traitement des résidus miniers dans notre pays. »

Pi lwen, kapitèn Traoré bay esplikasyon sou enplikasyon danble peyi a nan kad reyalizasyon travay sa yo: « L’avènement de cette unité industrielle, à capitaux 100% burkinabè et fruit d’un savoir-faire local s’inscrit parfaitement dans notre vision de valorisation de l’expertise nationale pour impulser le développement endogène au Burkina Faso. »

Finalman, responsab tranzisyon boukinabè a pa t mete dlo nan bouch li pou salye dimansyon patriyotik sitwayen-aksyonè yo ki angaje yo pou akonplisman premye faz travay yo: « Je salue le sens du patriotisme des actionnaires et je formule le vœu que cette usine puisse apporter sa contribution à la souveraineté économique de notre chère patrie. »

Kontrèman ak Ariel Henry ki kontinye plonje Ayiti nan yon twou san fon kote li ye a, divès jenn lidè nan kèk peyi an Afrik tankou kapitèn Hibrahim Traoré nan Burkina Faso avèk kolonèl Assimi Goïta pou peyi Mali.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841