Nan yon konsèy Minis ki dewoule lendi 23 Janvye 2024 la, Gouvènman Ariel Henry a revoke Direktè jeneral Ajans Nasyonal È Proteje (ANAP ) la Jeantel Joseph epi ranplase l pa yon komisyon teknik pou restriktire kò a.

Moun ki fè pati komisyon an se: Frantz Daniel Pierre, kòdonatè, Prénor Coudo manb, enspektè jeneral Jean Lyonel Trécil manb, lyetnan Verby B. Jean ki nan fòs lame Ayiti manb, ak Jean Neslie Élie. Arete ki nome komisyon an pibliye nan jounal ofisyèl monitè madi 23 Janvye 2024 la.

An revanj, apèn revoke, Jeantel Joseph akonpaye ak yon group ajan Brigad Siveyans È Proteje (BSAP), ak yon foul moun manifeste nan vil Ench madi sa a.

«Monman an rive, pèp la soufri twòp BSAP deside ankonpaye popilasyon an. Nou lanse ofisyèlman sou plas Charlemagne Peralte la nan Ench jodi a. Sa a se premye faz mouvman. N ap genyen pou nou rantre Pòtoprens pou nou rantre nan palè Nasyonal pou nou pran pouvwa a pou nou redemare peyi a.» Saa se deklarasyon Jeantel Joseph, ansyen DG ANAP.

Pi lwen li di li voye jete byen lwen deklarasyon minis Jistis la fè pou di BSAP reprezante yon menas pou peyi a. Jeantel fini pou di gran Nò ap pase pran gran Sid pou revolisyon an fèt. Li profite remèsye BSAP, lame ak lapolis ki prè pou akonpaye popilasyon an.

Kòmanda BSAP la nan plato santral Joseph Jean-Baptiste bò kote pa l fè konnen «yo fini ak premye etap mouvman an, kounye a yo pase nan dezyèm faz. Kòmandan an di apati jodi a tout biwo Leta nan Depatman fèmen. Li mande kominote entènasyonal la pou vin pran Ariel prese prese, aprè sa si yo kite 7 fevriye rive, pèp la ap ba li bra kale.»

Manifestasyon saa ki te genyen plizyè milye moun t ap kriye viv Guy Philippe epi ap kriye vle pa vle fòk Ariel ale.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841