Jij Al Duniel Dimanche mete entèdiksyon depa lendi 22 Janvye 2024 la kont plizyè ansyen gwo fonksyonè leta Ayisyen ki genyen dwèt yo tranpe nan zak koripsyon Sant Nasyonal Ekipman (CNE).

Men lis moun Jij la entèdi kite peyi a: ansyen prezidan Michel Martelly ak Jocelerme Privert. Ansyen Premye minis Laurent Lamothe, Jacques Guy Lafontant, Joseph Jouthe, Evans Paul, Jean Max Bellerive ak Michelle Duvivier Pierre-Louis.

Nan lis saa genyen tou ansyen minis Wilson Laleau, Marie Carmelle Jean-Marie, Florence Duperval Guillaume, Fritz Caillot ak Jacques Russeau.

Pou ansyen palmantè nou jwenn ansyen palmantè Rony Céléstin, Willot Joseph, Wolf Papillon, Francisque De La Cruz, Bel-Ange Pierre, Worms Perrilus.

Pilwen nou jwenn ansyen ak aktyèl DG CNE, Jude Céléstin ak Kinton Louis.

Jij Duniel ekri sèvis imigrasyon, pou mandel pou pa kite moun sa yo pati kite peyi a sou kèlkeswa fòm nan. Ke li te nan avyon, nan machin oubyen nan bato.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841