Lapolis an Ayiti mare kou krab ansyen depite Enri a Cholzer Chancy lendi 22 janvye 2024 la sou lòd Jij Al Duniel Dimanch ki t ap enstwi dosye koripsyon CNE a. Malgre Jij la bay lòd pou voyel penitansye sa pa anpeche polisye yo kenbel poul pase premye nwit li nan komisarya Petyonvil.

Tousuit aprè arestasyon depite a, patizan l yo nan Enri bloke wout nan komin nan pou egzije liberasyon l.

Ansyen prezidan chanm depite a rive jwenn arestasyon l sou dezyèm odisyon l nan kad dosye sa a e se premye moun jij la kenbe nan dosye a. Fòk nou souliye 19 Javye pase a Jij la lage manda entènasyonal dèyè plizyè ansyen pèsonalite tankou Michel Martelly, Jocelerme Privert, Jean Max Bellerive, Jean Henry Céant, Marie Carmelle Jean Mary, Wilson Laleau, Michelle Duvivier Pierre-Louis, Joseph Jouthe,Willot Joseph, Clovis Obas, Francisco De la Cruz, Wolf Papillon, François Malherbe, et les citoyens Hérard Morel Espérance, Daniel Ossé,

N ap souliye manda Jij enstwiksyon Al Duniel Dimanche ap pran fen 29 Janvye 2024 la.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841