Literné Raymond ak Jackson Doll fè pati pami 5 moun ki asasine ak bal zòn Bonbak nan vil Jeremi lendi 22 janvye 2024 la. Genyen divès lòt blese ki al pran swen sou kabann lopital.

Malgre sitiyasyon moun yo mouri a pa fin twò klè pou konnen kilès ki tire yo, patizan Guy Philippe yo lonje dwèt yo byen long sou nouvo delege Depatmantal la Paulémond Michel ki te fè konnen tout tout aktivite yo dwe reprann nan jeremi semèn lendi saa.

Malgre anons Delege Depatmantal la te fè pou tout aktivite yo reprann, sa pa anpeche vil la toujou rete sou tansyon kote aktivite yo paralize konplètman.

Selon sa radio Tele métronome pibliye sou kont X li lendi saa, gouvènman Ariel Henry a te debloke anviwon 5 milyon goud pou enstalasyon nouvo delege Depatmantal la.

Yon lòt kote, Pou yon 3èm fwa, synapoha denonse Direktè Depatmantal Grandans lan, Jean Edner Jacinthe. Nan nòt sa a sendikalis yo mete deyò dimanch 21 desanm 2024 la, yo finalman trete Direktè Edner de « Militan Politik k ap fè djòb sal» pou anyen senatè Sorel Jacinthe.

Fiziyad saa plonje vil Jeremi nan gwo lapèn ak dezolasyon, ki te deja gen rate produi akoz gang yo ki bloke Maryani depi plis pase yon mwa.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE .

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841