Nan mesaj li pataje dimanch 21 janvye 2024 la, « pap François » mande pou bandi yo libere yon gwoup moun, pami yo 6 mè, yo te kidnape nan yon bis ki t ap transpòte yo vandredi 19 janvye a an Ayiti, selon Vatican News.

« Mwen aprann ak anpil tristès anlèvman, yon gwoup moun pami yo 6 relijye. Mwen ap mande ak tout kèm liberasyon yo. Mwen priye pou amonizasyon sosyal nan peyi a. Mwen mande tout moun pou mete fen nan zak vyolans yo ki fè anpil moun soufri nan popilasyon an. » Sa yo se mo Pap François.

Yon lòt pa, Monseyè Pierre André Dumas siyen yon kominike nan non konferans Ayisyen relijye yo, denonse kidnapin ki fèt sou relijye katolik yo. Li di  » nou kondane ak tout fòs nou zak baba sa a ki pa respekte menm diyite fanm ki konsakre vi yo ak kè pou Bondye e tou ki ap fòme timoun ak jèn nan peyi a ».

Evèk la rapousib pou di, sosyete Ayisyèn nan dwe fè yon feso solidarite ak tout moun ki kidnape nan peyi a pou mande liberasyon yo prese prese, pou yo retounen jwenn fanmi yo san yon branch cheve nan tèt yo pa rache.

N ap raple 6 mè kongregasyon Sainte-Anne yo kidnape ak lòt moun ki te nan bis la, pami yo chofè a. Mè yo kidnape pandan yo ta prale nan inivèsite.

Fodner P. LOUIS, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841