Aprè anpil atant Wendy Duvert ki gen fanatik li yo li rele Chinwa, sòti 4yèm albòm li 21 Janvye 2024 la ki gen pou non « Trois ».

Leyoganè a ki otopwoklame tèt li king rap depi 2010, otè ; plizyè albòm notamman; Majeste 2013, Endetwonab 2016, King rete king 2018, ak dènye opis la ki gen pou non Twa (Trois) 21 janvye 2024, san bliye yon Mixtape denome G-Bobby Mixtape 2014, plis yon EP ki gen pou non Patron 2022, Yon tablo byen gani pou 14 lane karyè pou fanatik ak bonè endistri mizikal Ayisyen.

Lidè kominote Chinwa a pa sispann kreye pale anpil sou entènèt la keseswa ak silans li, mizik li, e pou divès lòt polemik jeneralman fanatik li enplike nan non l. Sepandan san konteste Wendy Duvert se atis ki plis enfliyan nan jenerasyon l lan notamman nan milye mizikal ayisyen an, selon divès animatè tankou ; Rbens Melodi, Carel Pedre pou n site sa yo selman.

Twa se dènye opis atis la sòti, kote l sanble depoze kouwòn nan pou l pran vès PDG, Patron, epi erije l nan tout dimansyon mo an antank CEO, lidè kominote l la, aparamman pou yon pi gwo pwojè ki pa sèlman mizik. Twa gen ladann 9 tit avèk divès kolaborasyon tankou; Men li avèk thelo, Pla konplè avèk Danola epi Mèsi avèk Ansy Derose, pou n site sa yo selman.

Mèsi se yon chedèv de Ansy Derose ke Wendy itilize nan yon fason nòb pou l remèsye tout sila ak tout aderan ki toujou sipòte, defann ak akonpanye l pandan 14 lane karyè, bref pou sila yo ki konstitiye gran fanmi an ki denome Chinwa Gang.

Jefferson BONISSANT, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841