Jij Louima Louidor envite ansyen Senatè Youri Latortue ak Vladimir Bourdeau kise direktè an chèf Konpayi sekirite ki pote non “National Security” pou vin repon kesyon lajistis pou zam konpayi a ke yo te jwen pandan arestasyon junior Barthélémy alyas (Aboulò) kise manm pati politik AAA

Aboulò ak Addy se 2 manm pati AAA Jij Louima Louidor rive tande a yè madi 16 janvye 2024 sou vijilans Lapolis la nan vil Gonayiv.

Aboulò ak Addy se 2 manm pati politik AAA ke la jistis nan vil Gonayiv te arete 14 me 2023, 2 moun sa yo gen divès akizasyon ki plane sou tèt yo pami yo n ap site; asasina, “complot contre la sûreté intérieure de l’Etat, incendie”, asosiyasyon malfektè.

Prezime koupab yo te tande ayè madi a n ap raple pandan arestasyon Aboulò a, lapolis te jwen yon zam kalib 9milit sou prezime a, selon enfòmasyon zam sa se ta propiyete “National Security” konpayi sekirite ansyen Senatè Youri Latortue

Swit ak odisyon sila Jij Louima Louidor lanse 2 manda envitasyon youn pou Vladimir Bourdeau kise direktè an chèf konpayi sekirite “National Security” epi Senatè Youri Latortue 2 moun sa yo gen pou vin repon kesyon lajistis sou zam konpayi a ki te nan men Aboulò

Samuel Guillaume Joseph, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841