Komisè gouvènman Fò-Libète a,Eno Zephirin, envite ansyen senatè eli Grandans lan Guy Philippe, pou vin reponn kesyon li vandredi 26 janvye 2024 la. Komisè a di li vle rande Guy konsènan plent peyizan nan koperativ ti plantè Nòdès yo te depoze kont li, pou zak destriksyon, asosyasyon malfektè, detansyon ilegal zam…

Komisè Gouvènman an envite tou ti plantè peyizan Nòdès yo nan menm dat la.

Envitasyon sa vini, nan okazyon kote ansyen senatè eli lanse yon vas mouvman protestasyon nan divès rejyon nan peyi a pou mande Ariel Henry kite pouvwa a.

Fodner P. Louis, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841